Istwa Dayiti
 
CHAPIT VIII

FLIBISTYE-BOUKANYE AK BLAN MANNAN

Nan emisyon listwa dayiti ki pase deja, nou te wè kòman blan panyòl debake, yo vòlè, yo vyole enpi yo òganize lesklavaj, apre yo te fin touye tout chèf rezistans endyen yo.

Nou te wè kòman yonn nan dènye chèf endyen yo, Kasik Anri, te pran la relèv gras lagè geriya li te mennen kont blan yo, pou l te rive libere pèp endyen an. Malerèzman, Kasik Anri te fè erè lè li te aksèpte renmèt blan yo zam li, li te rive dakò siyen kontra lapè ak blan yo. Blan yo pral pwofite erè Kasik Anri, pou yo fin detri ti rès endyen ki te rete nan zile peyi dayiti.

Nou te wè, apre anpil zak vyolans ak krim nan peyi dayiti, Kristòf Kolon premye kòmandan chèf sistèm lesklavaj, pral retounen nan peyi lespay pou li mouri ak benediksyon legliz pou bèl travay li te fè.

Akòz lanmò Kristòf Kolon, peyi lespay pral pèdi pye. Peyi langletè, peyi la Oland ak peyi lafrans pral mete peyi lespay deyò nan zile peyi dayiti. Vòlè vole vòlè.

Konnyè a, zile peyi dayiti blan panyòl te rele Ispanyola pral chanje non. Blan franse pral rele zile a SENDOMENG, enpi se la ki pral baz yon kòlonn lòt zenglenndo blan yo rele Flibistye ak Boukanye.

Flibistye vle di, moun ki abitye al koule bato sou lanmè pou yo touye moun ki nan bato yo, enpi vòlè tout sa ki nan bato sa yo. Alèkile, yo rele bandi sayo pirat sou lanmè.

Boukanye se yon lòt gwoup ki rèsponsab pou chèche vyann pou gwoup zenglenndo yo manje. Fason yo konn fè pou vyann lan konsève pandan plizyè jou, yo boukannen vyann bèt, jibye a, nan gran boukan dife. Se pou sa yo te rele yo boukanye.

Chak fwa nou repete mo Sendomeng, oditè yo, vizitè sit atlantik yo dwe raple yo se de tout zile peyi dayiti n ap pale.
Pati nan Sendomeng kote flibistye ak boukanye yo te premye tabli kò yo, se nan zile latòti nan nòdwès peyi a.
Zile latòti a te ofri avantaj kote yo kapab wè lanmè a byen ; nan zòn, sa te gen anpil resif ki kraze bato enpi yo te jwenn kont raje pou yo sere bagay yo vòlè lè yo fin piye bato yo.

Zenglenndo sa yo te sou zòd dirèk peyi gran wa peyi blan franse.

Premye blan franse sa yo ki te vin poze lapat sou zile sendomeng lan, yo te gen tout kalite move mès.

Nan epòk sa kote blan panyòl te fin touye tout fanm endyen yo, kote tout panyòl yo te blije kite pati lwès zile a, te vin rete gason sèlman. Mesye sa yo te konn vòlè jenn gason nan peyi lewòp pou yo sèvi ak yo tankou fanm. Sa vledi premye zenglenndo blan franse yo, non sèlman yo te asasen, vòlè, men yo te masisi tou.

Aprè, yo fin piye yon bato, ou byen lè yo kase kay blan panyòl ki rete nan pati lès zile a, yo vòlè fanm yo pou mennen yo nan zile latòti.

Pandan plis pase 100 lanne, plizyè lese frape pral fèt ant blan panyòl ak blan franse kite rive fè alyans ak blan angle.
Nan lanne 1665, yon blan franse yo te rele Bètran Dòjewon pral eseye mete lòd nan zile sendomeng lan. Premye objektif Bètran Dòjewon se rive fè zenglenndo flibistye ak boukanye yo konvèti enpi pou yo rete nan zile a pou yo ede l tabli kolonizasyon an, blan panyòl pa te rive reyisi nan pati lwès zile a.

Se sou zile latòti Bètran Dòjewon kòmanse travay. Mouche Bètran Dòjewon fòse nèg fè gwo plantasyon kann enpi bonjan komès kòmanse ant zile latòti ak lòt peyi. Lòt pwoblèm Bètran Dòjewon te vle rezoud, se zafè fanm pou ansyen zenglenndo yo. Men se pa nenpòt ki fanm, se fanm  blan yo te vle, paske yo te bouke ak fanm esklav endyen yo. Se konsa Bètran Dòjewon te voye chèche nan peyi lafrans yon kòlonn bouzen fanm blan franse ki gen move mès, move mannyè, ki kouche sou do pou ti krik ti krak.

Ak moun move mès sa yo k ap peple nan zile latòti, Bètran Dòjewon vin twouve fòs pou l layite kò l sou zile a.
Se konsa nan lanne 1670, mouche pral tabli l okap ki te rele okap franse nan epòk sa. Denpi lè sa a, entansyon blan franse se te gen kontwòl tout zile a, men fòs peyi lafrans ponkò te pèmèt li reyalize rèv li.

Gras travay Bètran Dòjewon, lafrans te deja rive nan pozisyon pou li egzije peyi lespay pou l retire lide sou yon pati nan tèritwa a.

Se konsa nan lanne 1697, peyi lafrans siyen yon kontra ak peyi lespay, yo te rele kontra sa a :kontra rizwik, ki dakò pati lwès zile a se pou blan franse sèlman li ye.

Pati lwès zile Sendomeng lan, se li nou rele peyi dayiti jounen jodi a .

Se vre peyi lafrans pran kontwòl pati lwès Sendomeng, men ki jan yo pral fè koloni an vanse. Ki bò yo pral jwenn men pou leve chay la.

Nan lanne 1697 sila, ki kalite moun nou te jwenn nan zile a ?

Anba chal blan yo te kòmanse charye ti nèg nwè nan peyi lafrik.

Nan epòk sa nan Sendomeng, te gen 1063 gason nèg, 725 nègès fanm, 314 ti zanfan nèg, 210 milat ki vledi san mele blan ak nwa, te gen tou 1521 pwopriyetè blan, 435 fanm blan, 438 ti moun blan, 477 domèstik k ap travay andedan kay blan yo, te gen 1565 angaje ak moun lib ; te gen tou 8 monpè ak 13 chapèl katolik pou konvèti moun.
Konnyè a, sa ki manke se plis moun ki gen lespri pou fè esklavaj la tounen yon sistèm politik eksplwatasyon pou pèmèt peyi lafrans vin rich. Nan sans sa, gouvènman peyi lafrans pral ankouraje blan franse al chèche richès nan peyi Sendomeng. Gouvènman franse pwomèt chak blan sa yo y’ap jwenn gwo pwopriyete pou yo layite kò yo.

Fwa sa tout kalite blan te monte batiman, yo te pran kanntè kite peyi lafrans pou yo vin vòlè enpi pataje yon tè ki pat pou yo, tè peyi dayiti.

Nan blan sa yo, nou te jwenn ti malere, nou te jwenn vòlè, nou te jwenn jandam ak yon bann lòt blan ankò ki te gen foli vin gran nèg.

Plis pase 40.000 blan franse pral debake nan zile Sendomeng kote sanzave blan franse pral vin tounen boujwa.
Nan epòk sa, yo te divize blan sa yo an 3 klas ou byen 3 kategori : Yon klas gran fonksyonè ak militè-plantè, yon klas gran plantè ki vle di grandon ak yon klas ti blan.

Lè etranje soti nan peyi yo pou yo al vòlè tè, vòlè richès lòt peyi, yo rele etranje sa yo kolon ou byen okipan.
Yo rele yo kolon, paske yo vin tabli kolonizasyon ki vledi lesklavaj ; yo rele yo okipan paske yo vin tabli lokipasyon, ki gen menm objektif ak kolonizasyon an ki se detri kilti pèp k ap sibi kolonizasyon ou byen lokipasyon an yon fason pou kolon yo, pou okipan yo kapab òganize piyay richès peyi yo okipe a.

Men ki kalite moun ki te konstitiye klas gran fonksyonè ou byen klas militè-plantè a ?

Enben, nan klas sa a nou te jwenn fanmiy gwo zotobre blan franse, yo te rele moun sa yo aristokrat paske se yo ki te fè, se yo ki te defè gouvènman nan peyi lafrans, se yo ki te gen tout privilèj nan peyi blan franse. Men pou kisa aristokrat sa yo, te blije kite peyi lafrans pou yo vini nan Sendomeng ?  Enben, moun ki renmen byen san swe, toujou ap depanse san konte. Se konsa, menm si yo te soti nan gran fanmiy, gen nan yo ki vin pèdi tout byen yo te genyen nan jwèt daza, nan move plezi.  Alòs pou yo vin gen kòb san fòse, yo pral chèche richès nan zile Sendomeng. Men aristokrat sa yo pat ale nan zile Sendomeng pou rete mouri nan zile a. Yo te ale sèlman pou yo ranmase gwo magogo, enpi pou yo retounen al byen viv nan peyi lafrans. Se militè, se jandam yo te ye. Denpi yo te rive nan zile Sendomeng, yo gentan jwenn pakèt tè.

Pandan yo rete lakay yo y’ap byen mennen, yo mete esklav ap travay latè pou yo.

Gen nan aristokrat sa yo ki te pito rantre nan administrasyon, nan biwo leta. Lè nou di w administrasyon, ou byen biwo leta, sa vle di se yon bwat kote moun ap òganize kòripsyon, rakèt ak tout move kòd maltaye pou yo vin rich byen vit.

Enpi, ki kalite moun ki te konstitiye klas gran plantè, klas grandon an ?

Enben, se desandan boukanye ak flibistye yo ki te gentan ranmase kont tè, yo te fè esklav yo plante valè kann nan tè yo.Grandon sa yo pa janm rete nan tè yo; yo bay jeran djòb pou fè plantasyon, yo pwodi kann, pwodi manje enpi yo rantre nan zile Sendomeng sèlman pou yo vin ranmase lajan rekòt yo, aprè sa yo retounen al viv nan peyi lafrans ak lòt blan lewòp yo.

Ki kalite moun ki te konstitiye klas ti blan, yo te rele tou klas blan mannan an?

Se nan klas sa a nou te jwenn ti boujwa ak blan malere. Moun sa yo te fè ti boutik, yo te rèsponsab ti atelye atizana enpi se yo ki te ti fonksyonè, ti anplwaye nan biwo leta. Menm si se blan yo te ye tou, akòz yo ponkò te gen anpil lajan, lakòz yo te ti malere, grandon yo pat mele ak yo.

Men, tout blan yo te antann yo sou yon pwen: se esklav yo ki pou fè yo tout vin rich. Esklav yo dwe travay di lannuit tankou lajounen, andedan kay tankou nan bitasyon yo.

Lè sa a, se plis kann blan yo te fè esklav yo plante, pou yo te kòmanse mete kanpe plizyè izin pou fè sik. Zafè sik sa a  pral konstitiye prensipal sous richès richès zile Sendomeng lan.

Premye izin sik ki te kreye nan zile Sendomeng, se te nan lanne 1696 nan Leyogàn . Malgre nan epòk sa a gouvènman blan franse pat dakò moun plante kann nan zile Sendomeng lan, grandon blan yo, blan mannan yo te kontinye plante kann, enpi pwodi anpil sik .

Otorite blan franse yo vin dakò ak zafè kann lan paske se kann lan ki pral fè peyi blan franse vin tounen peyi ki pi rich pami lòt peyi blan lewòp yo. Men se pa sèlman kann blan yo te fòse esklav yo pwodi.

Denpi nan lanne 1723 nan peyi lamatinik, yon zile ki tou pre peyi dayiti, esklav yo te kòmanse plante kafe. Men se nan lanne 1726, yon blan yo te rele Nolivòs te rantre ak plizyè pye kafe, enpi li te tanmen plante yo nan zòn lestè nan latibonit, aprè sa kèk monpè legliz katolik te fòse esklav yo plante kafe a nan zòn tèryewouj. Lè sa a, se sitou ti blan mannan yo ki te plante enpi pwodi kafe.

Se gras pwodiksyon kafe sa ki pral ogmante ekonomi ti blan mannan yo, enpi ti blan sa yo vin tounen gwo blan, yo pral gen menm pwa, menm enpòtans ekonomik ak grandon yo nan zile Sendomeng lan.

Se lè sa a esklav yo pral travay pi di, nan konstri bèl kay, nan konstri vil pou blan layite kò yo.

Premye vil ki te konstri nan zile Sendomeng lan se te vil okay, vil okap franse nou rele vil okap ayisyen konnyè a, vil leyogàn, vil pòtoprens ak vil senmak. Se vil okap ki te pi bèl nan tout premye vil sa yo.

Andedan vil sa yo nou wè tout kalite bagay, nou tande tout kalite koze. Prensipal aktivite blan yo, se te pran plezi, jwi lavi, pandan nèg ap travay di, pandan ti nèg ap pwodi richès.

Nou panse li enpòtan pou n bay oditè Radyo Atlantik ak vizitè sit atlantik yo kèk chif apwopo ekonomi zile sendomeng lan soti lanne 1776 pou rive nan lanne 1777 ki vle di pandan peryòd yon lanne.

Pa egzanp sou chak bitasyon 2 mil kawo tè, nou te jwenn plis pase 1500 esklav ak pou piti 1500 tèt betay.

Nan yon lanne zile sendomeng voye nan peyi blan franse plis pase 620 mil sak sik blan, plis pase 920 mil sak sik wouj, plis pase 310 mil sak kafe, plis pase 37 mil sak koton, 10 mil sak digo, san konte esans tout kalite, kui, luil, alkòl ak yon bann lòt bagay ankò.

Pou transpòte plis pase 2 milyon sak machandiz soti kite sendomeng chak lanne pou al pote nan peyi lafrans, blan yo te blije itilize plis pase 400 gwo batiman, pou yo charye, pou yo bwote.

Nan pò kote blan yo konn debake machandiz yo nan peyi lafrans, se nan vil Bòdo, nan vil Nant, nan lawochèl ak nan lasèn.

Se lasyè ti nèg nwè ki fè peyi blan yo vin gwo peyi, se lasyè ti nèg nwè ki pwodi richès, men ti nèg nwè ap soufri toujou.
Men ki jan lesklavaj ti nèg nwè yo te tanmen ?

Ki moun ki premye rèsponsab lesklavaj ti nèg nwè?

Radyo Atlantik di ayibobo pou tout moun ki t ap koute emisyon listwa dayiti, ak tout sila yo ki li tèks listwa dayiti.
Si yon pèp pa konnen pase li, si yon pèp pa konnen listwa li, enben pèp sa a kondane pou li reviv menm listwa sa ankò ; sou menm fòm lan ou byen sou yon lòt fòm .

Ti moun yo, gran moun yo dwe konnen listwa peyi yo. Se pou sa, nou mande wou menm ki koute ou byen ki li listwa dayiti jodi a pou w envite lòt moun fè konesans ak listwa dayiti sou sit ATLANTIK la.

 

 

Moso listwa Dayiti