BLAN PANYÒL NWAYE KAWONABO NAN LANMÈ, YO PANDYE LARÈN ANAKAWONA, YO SAZINEN KOTIBANAMA. DAT 5 DESANM, SE DAT LAWONT
Anfas zak piyay, vyòl ak gaspiyay richès zile peyi dayiti,anfas imilyasyon pèp endyen an, rezistans endijèn lan pral òganize ak alatèt rezistans sa a, yon vanyan rebèl karayib ki rele kasik KAWONABO.
Kolon panyòl yo konpòte sou zile a tankou se byen manman ak papa yo te mouri kite pou yo, enpi yo pa t ezite fè endyen yo tounen esklav. Premye endyen ki te revòlte, se te kasik Kawonabo ki te pran rèsponsabilite mennen rezistans lan. Pou l rive ranfòse, djanmen rezistans sa a, Kawonabo te mande yon lòt pisan kasik, kasik Gwaryonèks pou yo fè alyans ak li.
Apèn alyansay sa fin konkli, 2 souvren sa yo nan tèt endijèn yo, yo mache sou vil Izabela, se sa yo bliye yo pa t fè. Men panyòl yo ki te vini pou fè lagè te deja konstri divès ranpa, ki te pwoteje yo kont flèch endyen yo, enpi ki te oblije endyen yo vanse nan tèren ki dekouvri.
Endyen yo pa t konnen si panyòl yo te genyen fizi ak gwo zam fann fwa. Ti flèch bwa pa ka goumen ak bal ak boulèt kanno. Panyòl yo pwofite masakre endyen yo pa bann ak pa pakèt.
Sa pa t anpeche kasik Kawonabo kontinye òganize rezistans lan ak lòt fòm taktik, ki pral bay kolon yo tèt cho. Malgre tout tantativ kolon yo eseye pou yo rive kaptire kasik Kawonabo, yo pa reyisi. Enben yo deside itilize pyèj kòken. Kolon yo mande kasik Kawonabo pou l vin siyen yon akò lapè nan vil Izabela. Apre kèk jou refleksyon, kasik Kawonabo konmèt erè grav, li dakò pou l ale siyen kontra lapè ak panyòl yo. Apèn Kawonabo rive nan pòt vil la, panyòl yo mete men sou li, yo maltrete l, enpi yo mete l nan yon bato pou yo depòte l nan peyi lespay. Lè yo rive nan mitan lanmè, panyòl yo deside mare 2 pye kasik Kawonabo ak 2 men l dèyè do l pou yo jete l tou vivan nan fon lanmè. Kasik Kawonabo mouri nwaye, menm vyann kadav kò l pa t rive jwenn fanmiy li pou yo ta chante lantèman l. Lè frè kasik Kawonabo a aprann nouvèl la, li deside pran zam pou l vanje. Li rasanble yon gwo lame, men yon lame ki pa gen gwo zam. Panyòl yo masakre gwoup endyen yo. Se viktwa fasil sa ki pral detèminan pou konkèt zile a. Premye kasik ki pral rann tèt li, san l pa janm tire yon sèl flèch se kasik Manikatonèks.
Apre sa, tout lòt kasik yo ki nan rejyon an, renmèt zam yo, rann tèt yo enpi aksèpte lanfè esklavaj la.
Kasik Gwaryonèks ki li menm se yon ansyen alye kasik Kawonabo, li te deside, bò kote pa l kanpe tenn fas vizavi pisans dife panyòl yo. Men panyòl yo pa t gen pitye, okontrè se benyen yo fè endyen yo benyen nan pwòp san yo. Nan zòn la vega reyal, plizyè milye endyen te peri nan eksplozyon poud fizi panyòl yo, enpi panyòl yo te fè chwal yo pilonnen kadav vivan tankou kadav mò yo nan vega reyal.
Boekyo, ki li menm se kasik Zaragwa pa t santi danje a pre, li te panse l t ap gentan òganize rezistans lan anvan asasen panyòl yo rive nan kasika pa l la. Etandone, li te gen gwo laj, lè l te pran nouvèl masak panyòl yo fè nan vega reyal ak lanmò kasik Kawonabo, kasik Boekyo deside rele ti sè li Anakawona pou l renmèt li kouwòn lan.
La rèn Anakawona, se te madanm kasik Kawonabo.
ANAKAWONA, vle di : « flè lò ». La rèn Anakawona, se te yonn nan pi bèl fanm nan zile a. Anplis la rèn Anakawona te konn ekri, te konn resite bèl poezi, li te yon fanm pasifik ki pa t renmen fè lagè.
La rèn Anakawona te fè tout sa ki te nan posibilite l pou l te evite lagè pete ant endyen yo nan wayom li an, nan kasika li a ak panyòl yo.
Men lè Nikola Ovando, gouvènè panyòl yo nan vil Santo Domingo, anonse l ap vin rann rèn Anakawona yon vizit bon zanmitay, li pa menm panse l te nesesè pou l te pwoteje tèt li kòm rèn. Okontrè, la rèn Anakawona te òganize yon bèl fèt pou l byen resevwa vizitè panyòl yo. Gouvènè Ovando rive nan fèt la akonpanye ak plis pase 300 fantasen, ak 200 kavalye ki ame ak gwo zam fanm fwa konmsi se nan lagè yo t ap vini. Endyen yo prepare bon jan manje, vyann kochon sovaj griye, pwason, yanm, bwason chika ak anpil bon bagay ankò.
Panyòl yo manje vant deboutonnen, yo pran plezi yo, enpi lè douvan jou rive, yo retounen nan vil Santo Domingo.
Bèl rèn Anakawona panse ak fèt sa l òganize nan lonè panyòl yo, sa te kont pou l siyen kontra lapè, kontra bon zanmitay ak panyòl yo.
Enben, larèn Anakawona ansanm ak tout pèp endyen an te mal konnen asasen panyòl yo ki anvi bwè san, ki p ap rekile douvan okenn krim pou yo satisfè bezwen yo.
Yon lòt fwa ankò, pèp endyen an pral pran nan pyèj nayivte, nan kou pa konprann. La rèn Anakawona pral viktim prèske menm jan ak dèfen mari l Kawonabo.
Pou l fè konmsi li vle rann omaj bay la rèn Anakawona, Nikola Ovando voye envite rèn lan ak plizyè lòt kasik nan yon gran fèt, nan vil Santo domengo lakay panyòl yo.
Pa gen okenn pami endyen yo ki menm sispèk sa panyòl yo t ap prepare. Yo tout, yo prepare yo pou yo swadizan al fete ansanm ak asasen panyòl yo. Lè yo rive, yo enstale yo otou yon gran tab plen ak tout kalte manje, ak brevaj. Pami brevaj yo, pa genyen chika, ki se brevaj natirèl endyen yo, men genyen diven panyòl, yon diven èspesyal ki te fèt pou soule endyen yo. Efektivman endyen yo sou, pandan okenn panyòl pa menm goute diven an.
Enpi sou siyal Nikola Ovando, jandam panyòl yo masakre endyen yo ak kout manchèt, kout ponya, kout baton, kout kwòs fizi ak bal. Apre sa, panyòl yo simen dife ak gazolin nan kay kote resèpsypn an t ap fèt la, pou yo kankannen kadav kò endyen ki mouri tankou endyen vivan. Okenn nan endyen yo pa t rive chape poul yo nan masak sila.
Panyòl yo pa t manifèste okenn pitye, pou sa ki konsènen la rèn Anakawona, Nikola Ovando te chwazi yon lòt fason pou l imilye l. Apre li te fin fè mete la rèn Anakawona nan prizon pandan kèk jou, Nikola Ovando te deside pase kòd nan kou la rèn Anakawona, pou l pandye l sou plas piblik nan mitan lari vil santo domengo. Madichon pou Nikola Ovando……
Alèkile, plizyè moun ap rakonte nan kapital Santo Domengo a, pafwa pandan lannuit zonbi Nikola Ovando ap pwonmennen ak tout kostim gouvènè Ovando te abitye mete sou li, anndan palè kote l te abite, kòmkwa kay la ante. Paske, pou tout krim Nikola Ovando te komèt, menm kadav kò l pa ta dwe jwenn repo.
Nan Repiblik Dominikèn, genyen yon otèl ki rele Otèl Nikola Ovando, se menm otèl sa kite sèvi palè pou asasen Nikola Ovando.
Anpil moun di yo souvan rankontre ak zonbi Nikola Ovando, ki konn vin pèsekite moun k ap dòmi nan otèl li a.
Rezistans endyèn lan pran bèl kalòt. Kasik Kotibanama, ki t ap dirije kasika Igwey te sibi yon premye atak anba men yon ofisye Nikola Ovando ki te rele Jan Èskibèl. Kotibanama te reziste fas ak premye atak la, obout yon dezyèm atak kasik Kotibanama pa t kapab reziste, li rive chape poul li.
Li eseye al sere nan zile Sawona, men asasen panyòl yo rapousib li, yo kaptire l enpi panyòl yo pase gwo chenn nan pye, nan men kasik Kotibanama, yo pase kòd nan kou l enpi yo pandye l nan imilyasyon. Rezistans endyèn lan pèdi prèske tout chèf li yo. Batay la blije pran yon ti kanmpo. Bon ti tan gentan pase, enpi yon lòt kasik deside vanje san frè ak sè endyen parèy li yo, se kasik Anri.
Kasik Anri, se pitit gason kasik Bahoriko-a . Lè kasik Bahoriko-a te mouri nan batay Zaragwa a, ti Anri ki te jenn ti gason te tonbe anba men panyòl yo, ki te arete l, fè l tounen esklav, enpi batize l nan relijyon katolik.
Mèt ti Anri, patwon ki t ap toupizi ti Anri a, yo te rele l Valannzyela.
Valannzyela a se te yon kriminèl, yon imoral ki pa t ezite douvan anyen pou l imilye Anri. Li te menm rive vyole madanm Anri, ki te rele Mennsya. Anri pa t kapab kontinye sipòte imilyasyon sa yo. Li te deside rantre nan mawonaj ak tout madanm li, li sove l al sere nan mòn Bahoriko ansanm ak madanm li. Pandan plis pase 13 lanne, Anri ap òganize rezistans lan. Nan kòmansman, yo te sèlman kèk dizèn endyen pou yo vin plis pase plizyè milye.
Anri deside òganize la vi endyen yo, li fè konstri kay, li konstitiye plizyè gwoup kote chak gwoup gen wòl yo. Yon pati ap fè jaden pou jwenn manje pou lòt yo, enpi lòt gwoup ap antrene pou yo defann tèritwa a anfas anvayisè panyòl yo.
Sa pa t etone pèsonn, lè moman an rive, endyen yo te chwazi Anri kòm kasik yo. Panyòl yo te eseye plizyè fwa pou yo anvayi kan endyen yo, men yo pa t reyisi. Lè panyòl yo remake yo p ap janm kapab ranpòte la viktwa ak zam sou gwoup endyen kasik Anri yo, enben yo pral itilize lòt èstrateji, kote yo ofri kasik Anri tout kalte avantaj. Sa pa mache ….
Pandanstan, gwoup rebèl kasik Anri yo, ap itilize taktik lagè geriya pou yo demoralize enpi detri asasen panyòl .
Tèt cho nan kan lame panyòl la. Panyòl yo pral itilize gran mwayen. Chal Kent deside pèsonèlman ekri yon lèt bay Kasik Anri pou l mande l negosye. Nan negosyasyon an, Chal Kent pwopoze pou kasik Anri bandonnen batay la. Enpi, Chal Kent pran angajman pou l akòde lendepandans total ak yon tèritwa pou endyen yo tabli kò yo nan lapè. Tout sa, se bèl pawòl, bèl pwomès pou te fè kasik Anri dòmi.
Men Chal Kent mande tou, nan negosyasyon an, pou kasik Anri livre bay peyi lespay tout rebèl endyen mawon yo. Kasik Anri gen menwa kout, li gentan bliye nan ki sikonstans vanyan kasik Kawonabo te mouri ak trayizon. Kasik Anri gentan bliye kòman sazinè panyòl te trayi enpi imilye la rèn Anakawona.
Kasik Anri pa menm gentan reflechi, li deside siyen kontra lapè ak panyòl yo. Kontra sa rele akò baryo nwevo, ki te pèmèt kasik Anri ansanm ak plis pase 4 mil endyen enstale yo nan zòn Boya, ki sitiye nan yon distans apeprè 10 kilomèt parapò ak vil santo domengo.
Premye rezèv endyen nan amerik la pran nesans. Ak kontra la pè sa, rezistans endyèn lan resevwa yon lòt baflad.
Mèt kay, resevwa ladòmi nan ti koundouk nan men vizitè. Panyòl yo tèlman santi, se yo ki mèt tè a, se yo menm ki deside ki kote nan zile a, ak ki kantite tè pou yo bay endyen yo, ki se veritab pwopriyetè.
Nan mitan koloni an, sitirasyon an mangonmen, se sazinay, kidnaping, briganday tout kalte. Nan peyi lespay, wa Fèdinan ak la rèn Izabèl k ap gouvènen peyi lespay, gen enfòmasyon sou kalamite, soufrans, imilyasyon pèp endyen an ap sibi.
Panyòl yo koupab pou yonn pami pi gran zak jenosid sou limanite nan non kolonizasyon, nan non evanjelizasyon.
Wa Fèdinan ak la rèn Izabèl nan peyi lespay kontinye ap poze tèt yo kesyon sou nesesite pou komès esklav endyen an kontinye. Sa pa anpeche Kristòf Kolon pouse pi lwen toujou nan pratik imilye, maltrete, depòte endyen yo. Zak kriminèl sa yo pral fè Kristòf Kolon pèdi tout kredi moral li te genyen bò kote moun ki ponkò te konnen veritab objektif li . Men anplis, Kristòf Kolon te mal pataje richès yo ak moun ki te depanse pou l te reyalize vwayaj la. Li te pran tèt li pou sèl mèt, sèl senyè. Atitid sa, wa Fèdinan ak la rèn Izabèl pa t deside aksèpte l.
Se konsa, souvren panyòl yo ekspedye yon kòmando soti nan peyi lespay pou vin fouke, mete men nan kòlèt Kristòf Kolon, enpi mennen l retounen nan peyi lespay ansanm ak tout fanmiy li. Apre li fin pase yon bon bout tan dèyè bawo prizon pou twòp lanbisyon ak krim, wa ak la rèn peyi lespay deside grasye Kristòf Kolon, men yo pa bay li dwa retounen nan kontinan lamerik la ankò.
Malgre pakèt richès, lonè ak laglwa Kristòf Kolon te gentan reyalize, li pral mouri nan la wont ak imilyasyon. Apre 10 lanne kolonizasyon, Kristòf Kolon mouri nan vil Valadolid nan peyi lespay nan dat 20 me 1506 ak 70 rekòt kafe sou tèt li. Madichon pou Kristòf Kolon!!
Ak lanmò Kristòf Kolon, panyòl yo pral layite kò yo pi plis toujou nan zile Ispanyola. Dirijan panyòl yo te panse peyi lespay pral kapab tounen peyi ki pi pisan sou latè, plis yo charye richès, plis yo piye richès lòt peyi, plis yo mete men sou tout tè ki pa t pou yo.
Panyòl yo te byen konte, men yo te mal kalkile, paske lòt nasyon ewopeyen yo pral deside vin pataje richès sa yo tou, yo pral vin fè lesefrape ak panyòl yo pou separasyon gato endijèn lan fèt ant yo. Enpi, si separasyon an pa ka fèt, se sila ki pi fèb la ki pral blije kite pou lòt la ki gen plis fòs la. Vòlè pral vole vòlè parèy li...
Apre 10 lanne kolonizasyon, Kristòf Kolon te pèdi tout nannan, tout ji nan kò l, paske li temwen, li te patisipe nan plizyè krim, nan plizyè masak kont limanite, li te vin fatige. Madichon pou Kristòf Kolon...
Jis jounen jodi a, anpil pèp sou la tè, sitou nan kontinan ameriken an, yo nan lapenn lakòz debakman Kristòf Kolon an.
Nan yon emisyon listwa peyi dayiti, nou te eksplike kòman Kristòf Kolon te kache anpil bagay sou la vi li te konn mennen, li te menm sere laj li te genyen. Nan kèk liv listwa yo di Kristòf Kolon te fèt nan lanne 1451, men nan kèk lòt liv yo di Kristòf Kolon te pran nesans nan lanne 1461. Men apre rachèch nou fè nan emisyon listwa dayiti, sanble Kristòf Kolon te pran nesans nan lanne 1436. Se konsa zenglendo Kristòf Kolon pral mouri ak yon bann fado, krim kont limanite. Kristòf Kolon mouri nan peyi lespay nan vil Valadolid nan dat 20 me 1506. Madichon pou Kristòf Kolon ..... Ak lanmò Kristòf Kolon, yon lòt paj listwa peyi dayiti pral kòmanse ekri.
Nou ponkò konnen pou kisa plizyè liv listwa retni dat 5 Desanm nan lanne 1492, pou yo selebre debakman Kristòf Kolon sou tè peyi dayiti. Petèt nan dat 5 desanm 1492, 3 bato yo, la pinta, la ninya, ak la santa marya te deja sou lanmè, ki konsidere fè pati tèritwa peyi dayiti. Men plizyè liv listwa ekri, se nan dat 6 desanm nan lanne 1492 Kristòf Kolon ak blan panyòl yo te debake nan peyi dayiti nan zòn nòdwès peyi a, kote nou rele konnyè a Mòl sen Nikola. Se nan dat sa a, ak nan zòn sa a, Kristòf Kolon te plante la kwa legliz ak la relijyon katolik, ki se la kwa lanmizè, la kwa lawont nan tè peyi dayiti.
Jounen 6 desanm, se jou fèt yon sen nan legliz katolik yo rele sen Nikola, se sa ki te fè Kristòf Kolon batize zòn sa, ki te toujou konsève non li gen jodi a ki se sen Nikola. Men kit se 5 desanm, kit se 6 desanm se yon dat la wont.
Lontan yo te konn fè ti ayisyen mete ajnou pou yo adore Kristòf Kolon konmsi se yon bon bagay li te fè, lè l te debake nan peyi dayiti.
Fòk nou pa bliye, se blan franse ki ekri nan lang franse listwa peyi dayiti pou ti moun aprann, enpi pi fò nan lekòl yo, se legliz katolik ak legliz pwotestan ki kontwole yo. Sa lakòz pi fò nan pwofesè listwa dayiti, pi fò nan malveyan ki kache verite sou listwa peyi dayiti, yo tout konnen se lakòz debakman Kristòf Kolon nan tè peyi dayiti ak yon kòlonn asasen blan panyòl ki te lakòz masak ak disparisyon prèske tout abitan ki te rete nan zile peyi dayiti, blan yo te rele abitan sa yo endyen. Kristòf Kolon ak blan panyòl yo te touye endyen yo, blan yo te fòse endyen yo travay di pou bay yo manje, bati kay pou blan yo rete, fouye anba tè a pou chèche richès pou blan yo pote lakay yo.
Si dat 5 desanm se yon jou fèt, enben se yon jou fèt pou tout desandan zenglendo blan yo ki te fè kadejak sou richès peyi dayiti ak sou tout endyen ki te ladan l. Si dat 5 desanm se yon jou fèt, enben se jou fèt pou gwo chèf legliz ki te bay blan Kristòf Kolon benediksyon nan non la relijyon pou li vin fè pèp endyen ak pèp nwa tounen esklav.
Si dat 5 desanm se yon jou fèt, enben se yon fèt pou desandan blan yo ki kontinye ap jwi richès tè peyi dayiti. Si dat 5 desanm se yon jou fèt, enben se fèt pou tout lènmi libète, se fèt pou tout ansyen zenglendo blan, se fèt pou malfektè. Nan dat 5 desanm, nou menm pèp ayisyen nou p ap fete ankò, paske nou gen gwo lapenn. Se lakòz dat 6 desanm 1492, onon relijyon, blan yo te deside al chèche ti nèg nwè nan peyi lafrik, pou mennen yo nan peyi dayiti, pou yo vin ranplase endyen yo te fin touye, endyen yo te fin ekstèminen.
Dat 5 desanm se pa yon jou fèt, se pa yon jou kè kontan pou pèp endyen, ni pou pèp ayisyen, se yon jounen dèy, yon jounen lawont.
Yon jounen dèy, paske se apati dat sa lesklavaj te kòmanse nan peyi dayiti. Yon jounen dèy, paske se apati dat sa, blan te pwouve yo konsidere moun nwa tankou enferyè parapòt ak yo menm. Dat 5 ou byen 6 desanm, se yon dat lawont, paske se denpi lè sa, blan yo te kòmanse fè nou kwè pèp nwa pa kapab dirije pou kont yo, fòk se blan ki pou toujou dirije pou nou. Dat 5 ou byen 6 desanm, se yon dat granmoun tankou ti moun ayisyen pa dwe janm bliye, se yon dat madichon, se yon dat malè.
Lè Kristòf Kolon te debake ak lòt blan yo, yo te pote la relijyon, yo te pote imilyasyon, yo te pote fizi ak masak, yo te pote lesklavaj, yo te pote lanmizè. Si jodi a, nan lekòl, yo pa tèlman pale ti moun de dat 5 desanm ou byen 6 desanm 1492, se paske gen plizyè lekòl ki abitye patisipe nan konplo kache la verite, paske yo wont pale de krim sa yo blan yo te konmèt sou endyen ak sou pèp nwa yo.
Men nou pa dwe kache la verite sou listwa peyi nou, paske gen yon save ki di konsa : «Si yon pèp pa konnen sa ki te pase l, si yon pèp pa konnen listwa l, enben pèp sa kondane pou li reviv menm pase sa, menm listwa sa ankò». Enpi, li pa nòmal pou se asasen yo sèlman ki pou konnen listwa peyi nou. Tout gran moun, tout ti moun ayisyen, nou dwe konnen listwa peyi nou, sitou nou dwe konnen nan dat 5 desanm ou byen 6 desanm tout ayisyen gen lapenn, tout ayisyen tris, tout ayisyen pè pou sa pa rive ankò. 5 desanm 1492 se pa vre, se pa te dekouvèt peyi dayiti, nou p ap fete 5 desanm ankò.
Nan dat 5 desanm n’ap mete rad nwa, n’ap mete drapo ble ak wouj la demi ma.
Madichon pou Kristòf Kolon ! Madichon pou tout moun ki te voye Kristòf Kolon vin touye endyen, vin touye pèp nwa ! Madichon pou yo.
Radyo Atlantik di ayibobo pou tout moun ki t ap koute emisyon listwa dayiti, ak tout sila yo ki li tèks listwa dayiti.
Si yon pèp pa konnen pase li, si yon pèp pa konnen listwa li, enben pèp sa a kondane pou li reviv menm listwa sa ankò ; sou menm fòm lan ou byen sou yon lòt fòm .
Ti moun yo, gran moun yo dwe konnen listwa peyi yo. Se pou sa, nou mande wou menm ki koute ou byen ki li listwa dayiti jodi a pou w envite lòt moun fè konesans ak listwa dayiti sou sit ATLANTIK la.
|