Istwa Dayiti
 
CHAPIT VI

KASIK KAWONABO DETRI BAZ MILITÈ PANYÒL YO, FÒ LANATIVITE

Piyay nan zile ki pral pote non zile peyi dayiti, tanmen nan kondisyon malonèt kote dwa moun, dwa endijèn yo pa rèspèkte.

Nan tèt operasyon piyay, dechèpiyay sa a, nou jwenn gwo potanta tout kalite, gwo potanta ki p ap janm bouke konmèt krim kont limanite.

Larèn Izabèl la  katolik ansanm ak dirijan lakou wayal nan epòk la, te patwone vwayaj Kristòf Kolon an.

Ki wòl legliz katolik, yerachi legliz katolik pral jwe nan zak demeplè sa yo ?

Ki patisipasyon dirèk ou byen endirèk sen-syèj la, ak pap Aleksand 6 nan sa zòt abitye kalifye kòm dekouvèt lamerik, men ki an reyalite konsidere tankou zak okipasyon, kolonizasyon brital ?

Se jisteman pap Aleksand 6, chèf siprèm legliz katolik, ki te pran dekrè nan dat 4 me 1493 pou l renmèt bay Kristòf Kolon kòm pwopriyetè tout zile ak tout tè li dekouvri, ak tout tè li gen pou dekouvri, ak kondisyon tè sa yo se pa pou okenn lòt wa kretyen.

Tankou se yon pataj kontinan amerik la ant peyi lespay ak peyi Pòtigal. Yon liy demakasyon te trase, kote chèf legliz katolik la, pap Aleksand 6, bay tèt li dwa ak otorizasyon pataje tè ki pa pou li menm ak fanmiy li, yon liy imajinè li trase soti nan pòl nò pou rive nan pòl sid latè, yon liy ki pase pa zile Asò ak Kap vè.

Dapre lepap Aleksand 6, tout tè ki deja dekouvri ou byen yo gen pou dekouvri, si tè sa yo sitiye nan lwès liy demakasyon an, tè sa yo deja pou peyi lespay, enpi tout lòt tè yo ki twouve yo nan lès liy demakasyon sa, peyi Pòtigal konsidere yo kòm pwopriyete prive yo.

Kidonk, panyòl ak pòtigè te panse chèf legliz katolik la, chèf nan non  la relijyon, te gen otorite pou l distribiye popilasyon sou latè tankou l te kapab fè l pou betay, pou bèt ki pa pou li.

Pandanstan, Kristòf Kolon ap ranfòse koloni an nan zile a. Moman an rive pou l retounen nan peyi lespay, pou l keyi, pou l rekòlte lòt frui ekspedisyon l lan, enpi pou l òganize vwayaj premye kontenjan, premye debakman kolon panyòl pou vin eksplwate, piye richès zile a.

Li swete tou, tabli lyezon komèsyal regilye ant sa li te rele ansyen mond ak nouvo mond lan, ki didonk ant lewòp ak lamerik.

Lè Kristòf Kolon ap pati pou l retounen nan peyi lespay, li kite 39 gason nan fò la nativite, li bay yo lòd pou dòmi yon je louvri , yon je fèmen.

Kristòf Kolon pral pase apeprè yon lanne anvan l retounen.

39 chèf eskanmotè panyòl yo, pa t tann Kristòf Kolon rive twò lwen sou chimen retou li, yo te kòmanse konmèt zak vagabondaj. Yo vyole ti jenn fanm endyen yo, yo vyole fanm tankou gason , yo vòlè, yo touye pou bon plezi. 39 chèf panyòl sa yo tèlman santi yo chèf anfas pèzib sitwayen endyen yo, yo pa menm rann yo kont, yo depase limit kasika maryen an, pou yo vare sou yon lòt rejyon, yon lòt tèritwa, ki se kasika maragwana. Baton an pral blije chanje bout.

Kasik ki t ap dirije kasika maragwana a, se te yon vanyan gason, yon endyen ras karayib ki rele Kawonabo. Lè Kawonabo resevwa enfòmasyon kòmkwa eskanmotè panyòl yo depase bòn, depase limit yo, enben san k ap koule nan venn Kawonabo prèske tounen vinèg. Li frape pye l atè, enpi l deklare, panyòl yo rive twò lwen. Kawonabo reyini sòlda l yo, enpi l lanse yon kòkenn chenn atak sou fò la nativite a.

Kawonabo renmèt eskanmotè panyòl yo monnen pyès la, li pase 39 panyòl yo a lenfinitif, li brile fò la nativite, ki redui tounen sann dife. Malgre sa, kòlè Kawonabo pa t sispann, paske l repwoche Gwakanagarik pasivite l, se li menm ki te nan tete lang ak panyòl yo, se li menm ki te ofri panyòl yo tèren pou yo bati yon baz militè, se Gwakanagarik, kasik pou kasika maryen an ki te tolere move zak panyòl yo. Pou tèt sa Kawonabo pwofite trase leson sou Gwakanagarik, enpi l retounen sou tèritwa pa l. Pou konnyè a, se sèlman kèk mwa ki rete nan lavi pèzib endyen yo t ap mennen. Sèlman kèk mwa yo pral viv nan lapè, paske byen lwen nan peyi lespay, Kristòf Kolon deja tanmen preparasyon yon lòt ekspedisyon. Ekspedisyon sa, dezyèm ekspedisyon sa, se pa ekspedisyon swadizan dekouvèt, men se yon veritab ekspedisyon kolonizasyon brital.

Kristòf Kolon ki vin gen tit vis-wa, ki vledi wa annapre peyi lespay, pral fè tout kalite fo pwomès pou l rive jwenn moun, nouvo kolon, ki aksèpte enskri non yo pou dezyèm ekspedisyon sa. Li separe boul lò, ak tout bèl pwodi atizana li te charye pou ale nan peyi lespay.

Pakèt sitwayen panyòl, pran nan kouran, yo gen gwo tanta, tout anvi al ranmase fòtin nan nouvo mond lan. Plis pase 1500 panyòl deja prepare yo, pou yo pran kanntè, soti nan peyi lespay pou yo vin chèche lavi nan peyi ki pral pote non peyi dayiti.

Wi, nan finisman kenzyèm syèk la, ki didonk, bò lanne 1492 yo, se sitwayen ewopeyen, franse, angle, pòtige, òlandè ki konn pran kanntè, se yo ki te bòt pipòl pou yo al dèyè lavi miyò nan zile peyi dayiti. Alòs, Kristòf Kolon pare pou l demare dezyèm ekspedisyon militè l la ak plis pase 1500 panyòl, 17 gwo batiman  ak anba lakal yo boure ak tout kalte pwovizyon ak semans.

 

Dezyèm ekspedisyon sa dewoule san gwo tèt chaje, pami 1500 panyòl ki anbake yo, pa gen anpil maren. Nou plis jwenn kèk bizismann, machann zam, vòlè ak moun ki abitye konmèt lòt move zak malonèt, lapolis ap chèche, ki resi twouve mwayen pou yo chape poul yo, enpi anplis pou yo rive jwenn mwayen pou yo vin rich san fòse.

Anpil nan bòt pipòl blan sa yo te blije vann kèk ti byen yo te genyen pou yo te jwenn ti mwayen pou yo mete ki kòb nan pòch yo. Tout vwayajè yo te gen gwo kè sote, lè yo ponkò wè zile sa Kristòf Kolon te rakonte yo a. Men, yo te vin gen kè kontan lè yo te vin apèsi yon ti bout nan zile a. Sa pa anpeche kè Kristòf Kolon te sote paske l pa apèsi fò la nativite a. Nan ranplasman kote baz militè la nativite a, se kakas la ki rete. Pou la krentif pat anvayi pasaje yo, Kristòf Kolon pa fè okenn kòmantè sou disparisyon fò la nativite a, men li te pran prekosyon avanse batiman l yo byen lwen parapò ak kote baz militè la nativite a te ye oparavan an. Lè l rive kote l sispèk ki pa gen anpil endyen, li jete lank bato yo, enpi nan menm zòn lan li kreye yon lòt baz militè li batize Izabela, pou l rann omaj ak la rèn Izabèl la katolik, rèn peyi lespay. Otou baz militè a, li bati premye vil ewopeyen sa ki rete pandan 7 lanne, kapital sa li te rele nouvo mond lan.

Dezyèm vil ki pral fonde ak Batolome, frè vis wa a, Nueva Izabela, ki te konstri sou rebò la rivyè ozama. Nan lanne 1496, Batolome pral tounen gouvènè zile a. Apre kèk ti tan menm vil nueva Izabela a pral travèse la rivyè ozama a, enpi li pral pote yon lòt non ki se :Santo Domingo, pou rann omaj ak papa Kristòf Kolon ki te rele Domingo Kolon. Nouvo kolon yo te pase plizyè jou ap debake 17 batiman yo.

Moman an rive konnyè a, pou panyòl yo kòmanse itilize tout teknik yo pou yo fè endyen yo tounen èsklav, pandan y ap ranmase richès. Ak bib yo nan yon men, rigwaz ak bout baton yo nan yon lòt men, panyòl yo pat gen okenn pitye, yo maltrete endyen yo konmsi se pa moun endyen yo te ye. Se konsa, se nan klima laterè sa evanjelizasyon an te tanmen nan zile peyi dayiti. Premye pawòl levanjil la, premye pawòl la bib yo, se nan sikonstans sa li te tanmen sou tèritwa Ispanyola ki te pral chanje non pou l tounen peyi Dayiti.

Premye enplantasyon, premye enstalasyon yo sou zile a pat fèt nan lòd. Chak moun konstri nenpòt kote ki fè yo plezi, paske yo jwenn tè, yo jwenn espas pou piyay. Pou eseye pote renmèd nan sitiyasyon anachi sa a, Kristòf Kolon te blije tabli yon sistèm ki rele repatimyento ki vle di distribisyon gwo moso tè ansanm ak plizyè endyen yo anchennen pou fè yo tounen esklav pou fè travay fòse. Latè nan zile a te tèman fètil, te tèlman bay randman, 5 semèn sèlman te ase pou pèmèt tè a pwodi tout kalte legim. Manje pral pwodi ak abondans, sa pral tante plis blan toujou, yon pakèt avantirye ki soti nan peyi lespay pou yo vin senyen venn zile Ispanyola a, zile peyi Dayiti.

Anfas zak piyay, vyòl ak gaspiyay sa yo, anfas imilyasyon pèp endyen an, rezistans endijèn lan pral òganize pou pote repons. Premye pami vanyan kasik ki pral revòlte pou pote danje nan kan kolonizatè panyòl yo, se karayib la yo rele: kasik Kawonabo.

 

 Radyo Atlantik di ayibobo pou tout moun ki t ap koute emisyon listwa dayiti, ak tout sila yo ki li tèks listwa dayiti.

Si yon pèp pa konnen pase li, si yon pèp pa konnen listwa li, enben pèp sa a kondane pou li reviv menm listwa sa ankò, sou menm fòm lan ou byen sou yon lòt fòm .

Ti moun yo, gran moun yo dwe konnen listwa peyi yo. Se pou sa, nou mande wou menm ki koute ou byen ki li listwa dayiti jodi a pou w envite lòt moun fè konesans ak listwa dayiti sou sit ATLANTIK la.

 

 

 

Moso listwa Dayiti