KRISTÒF KOLON DEBAKE POU PREMYE FWA NAN ZILE AYITI
Kristòf Kolon jwenn benediksyon wa ak larèn peyi lespay pou l antreprann gran vwayaj trans-atlantik la, ki pral boulvèse listwa limanite. Malgre Kristòf Kolon te jwenn tout bourad li te bezwen nan lakou wayal la, amatè batiman ak matlòt nan vil Palòs pa t chofe pou vwayaj la, ni pou yo akonpanye Kristòf Kolon. Lè sa Penson pral blije reyaji, pou l chèche mwayen jwenn batiman enpi pou batiman sa yo byen ekipe ak gwo zam fann fwa. Nan ti kras tan, ekspedisyon an te gentan pare.
Omwen 68 gason, plis eta majò a, ant 20 ak 30 sèvitè ak fonksyonè, san n pa bliye plizyè ofisye wa a ki vin fè legetè te deja foubi zam yo pou yo derape. Si Penson pa t fè pati vwayaj la, Kristòf Kolon t ap kanmenm rive jwenn batiman ak ekipaj, men li pa t ap janm ka rasanble yon ekipaj solid tankou sa l te gentan rasanble nan ti kras tan. Penson te ofri 2 pwòp bato l ki rele Ninya ak Pinta. Twazyèm karavèl la, ki pa t fè pati rekizisyon yo, te rele Galega, la Mari-Galante. Non dènye bato sa te pral chanje pou l tounen: Santa-Mariya. Sepandan, maren yo ki te kwè anpil nan sòlòkòtò, te derefize chanje non bato a, yo pa t vle rele l santa-mariya. Pou yo rive rezoud pwoblèm non an, yo te prefere rele l « la kapitèn » puiske se nan bato sila Kristòf Kolon te pral tabli katye jeneral li, se ladan li te enstale l. Nan premye vwayaj la, pa t gen anpil monpè.
Èske se jwenn Kristòf Kolon pa t rive jwenn lòt monpè ki gen fyèl pou pran risk patisipe nan yon gwo ekspedisyon konsa ?
Nou pa konnen ! Sepandan monpè Batolomeyo de las Casas te prezan. Antouka, nan dat 2 dawou 1492, tout preparatif te bout. Alòs Kristòf Kolon te fè rekòmandasyon sa yo : dabò navige nan direksyon lwès nan yon distans 700 lye, ansuit li entèdi pou vwayaj la rapousib pandan lannuit. Li te panse twouve Sipangu nan yon distans anviwon 750 lye parapò ak zile kanari.
Se konsa, nan dat 3 dawou nan lanne 1492, ekspedisyon an kite vil Palòs. Nan dat 2 septanm 1492, yo rive nan zile kanari, enpi nan dat 6 septanm 1492, yo rive nan zile la Gomera.
Se apati zile Gomera, yo mete vwal batiman yo nan direksyon enkoni, yo pa konnen ki kote yo pral rive.
Denpi premye moman lakontantman yo, Kristòf Kolon pa t sispann kreye lespwa nan tèt maren yo, li fè kwè yo pral jwenn tè prese prese, yon fason pou kenbe moral maren yo. Tout siy li wè, tankou zwazo k ap vole, ti pye zèb li jwenn sou lanmè a, Kristòf Kolon fè kwè yo pral jwenn tè. Men, byen vit siy sa yo pa aji sou maren yo ankò enpi yo kòmanse pèdi konfyans.
Nan dat 22 septanm 1492, nan jounal ou byen ti kanè nòt Kristòf Kolon, gen yon zafè konplo ki ekri, konplo ak vyolan ajitasyon, pou n pa di lesefrape. Nan dat 6 oktòb 1492, Kristòf Kolon reyini komite ki chaje pou pran desizyon, li pwofite mete 2 kapitèn lòt 2 bato yo okouran sou revòlt k ap marinen sou bato santa-mariya. Gras ak prezans Penson, yon ti kalmi retounen, paske Penson deklare li p ap retounen nan vil Palòs toutotan l pa jwenn lòt tè.
Se reyaksyon sa ak api sa Kristòf Kolon t ap tann. Penson pral jwe yon lòt wòl detèminan ankò jou sa. Li mande Kristòf Kolon pou yo chanje direksyon wout la, pou yo mete kap sou wout sidwès.
Se gras 2 entèvansyon kapital sa yo ki soti bò kote Penson ki te pèmèt Kristòf Kolon debake nan kontinan meriken an.
Nan dat 8 oktòb 1492, maren yo remake plizyè zwazo k ap vòltije otou bato yo. Zwazo sa yo gen sanblans ak zwazo ki abitye viv sou tè. Nan dat 11 oktòb 1492, lòt siy parèt : Maren yo remake sou lanmè a plizyè jon ki fenk fin koupe, yo wè banbou, yon baton byen èskilte, yon moso planch ki pa parèt tankou natirèl, enpi yo remake yon jako. Ak siy sayo, yo kòmanse gen garanti, yo prèske rive jwenn tè, enpi tè sa gen moun ki abite sou li.
Enpi britsoukou, tè parèt anba zye maren yo, se nan dat 12 oktòb 1492, byen bonè nan maten.
Ki moun ki te premye wè tè a ?
Plizyè temwen di se yon sèten Bèmejo, Rodrigo de Triyana, yon maren ki te sou bato La Pinta, ki te premye apèsi tè gras ak lalin kite klere l. Menm maren sa gentan tire yon kout kanno enpi l rele di : ME TÈ !!
Sepandan, nan kanè nòt monpè Las Casas, li ekri se Rodrigo de Triyana, ansanm ak Kristòf Kolon ki te premye wè tè a.
Pouki sa Kristòf Kolon te triche, te fè manti di se li ki te premye wè tè a ?
Se paske larèn katolik peyi lespay la, Izabèl, te pwomèt yon rekonpans 10000 maravedi chak lanne pou maren ki ta premye wè yon tè tou nèf. Sa ki pi rèd, Kristòf kolon ki resevwa kòb la nan men larèn Izabèl, li pa separe l ak Rodrigo de Triyana. Li klase tout kòb la nan pòch dèyè l. Sa pwouve kòman Kristòf Kolon pa t yon moun onèt.
Zak sa te revòlte Rodrigo de Triyana ki endiye, pou sa ; lè y ap retounen yo te pase pa kontinan afriken an, Rodrigo de Triyana te prefere rete nan kontinan afriken an enpi l chanje relijyon, li konvèti nan relijyon mizilman, li vin tounen mawometan.
Se nan menm dat 12 oktòb 1492 la, ekipaj yo akòste bato yo nan yon ti zile yo batize Sann Salvadò. Yo pwofite plen veso yo dlo ak frui, enpi yo pati al dèyè pi gwo zile ki gen plis richès. Kouran dlo mennen bato yo nan zile Kiba, enpi nan zile Ayiti.
Premye chèf panyòl yo te panse, se bese yo te pral bese pou yo ranmase lò atè tankou wòch, tankou grenn sab.
Enben, yo pa t twonpe paske dlo larivyè t ap charye lò an gran kantite. Lè Kristòf Kolon ansanm ak anvayisè okipan parèy li yo te konstate richès ki t ap trennen atè konsa, yo te vle fou, men yo vle konnen ki kote yo te kapab jwenn plis lò toujou. Kristòf Kolon ki t ap chèche Sipangu ak Gran Ka-n ki ta sanse dirijan Sipangu, pou l renmèt li lèt souvren panyòl yo te voye pou li, enben Kristòf kolon rive nan lòt peyi. Premye lide ki pase nan tèt Kristòf Kolon, se pou l ta konvèti endijèn yo, endyen yo nan relijyon katolik. Pou l rive fè sa pi byen, li kòmanse aprann yo kèk mo panyòl, yon fason pou endyen yo kapab endike ki kote l kapab twouve plis lò. Kantite lò, panyòl yo, ansanm ak Kristòf Kolon rive ranmase, pèsonn pa ka evalye l. Anplis se pa sèlman lò ki genyen kòm sous richès, yo dekouvri, tè a, se yonn pami tè ki pi fètil, ki plis ka pwodi tout kalite manje.
Lòt resous, Kristòf Kolon te konte pami sous richès, li swadizan dekouvri, se pakèt endyen yo ki akeyan, pasifik, nayif… enpi san zam. Li gentan reflechi sou tout avantaj li pral tire ak pèp endyen envilnerab sa. Premye desizyon Kristòf Kolon adòpte, se fòse l fòse endyen yo travay nan min lò yo, pou charye lò pote pou li.
Li deja fè kalkil li, yon uityèm nan benefis ekspedisyon an ap rete pou li. Lòt mezi Kristòf Kolon te pran ankò, li te deside depòte pou al nan peyi lespay plizyè endyen pou yo al tounen esklav. Pandan y ap vwayaje nan bato yo, anpil nan endyen yo mouri ak endiyasyon, grangou, swaf ak imilyasyon.
Se konsa Kristòf Kolon te rive mare, anchennen anpil endyen pou l al vann yo nan plizyè peyi ewopeyen.
Dayè, lè l retounen apre dezyèm vwayaj li a, Kristòf Kolon te anchennen pou piti 500 esklav endyen li te ekspoze nan mache nan vil Seviy, ki twouve l nan zòn sid peyi lespay. Listwa rapòte, larèn Izabèl pa t tèlman dakò ak trafik malonèt sa, men sa pa t anpeche Kristòf Kolon kontinye l, nan lentansyon pou l anrichi tèt li pi vit.
Ki wòl legliz katolik, yerachi legliz katolik te jwe nan zak demeplè sa yo ?
Ki patisipasyon dirèk ou byen endirèk sen-syèj la, ak pap Aleksand 6 nan sa yo abitye rele dekouvèt amerik la, men ki an reyalite yon veritab okipasyon, kolonizasyon brital ?
Radyo Atlantik di ayibobo pou tout moun ki t ap koute emisyon listwa dayiti, ak tout sila yo ki li tèks listwa dayiti.
Si yon pèp pa konnen pase li, si yon pèp pa konnen listwa li, enben pèp sa a kondane pou li reviv menm listwa sa ankò, sou menm fòm lan ou byen sou yon lòt fòm .
Ti moun yo, gran moun yo dwe konnen listwa peyi yo. Se pou sa, nou mande wou menm ki koute ou byen ki li listwa dayiti jodi a pou w envite lòt moun fè konesans ak listwa dayiti sou sit ATLANTIK la.
|