Anvan Kristòf Kolon deside kòmanse òganize gran vwayaj li a, li pa t sispann ranmase enfòmasyon .
Nou dwe site yon gwo trezò ki te detere nan peyi Venezyela. Nan trezò gwo kòfrefò sa a, te genyen plizyè santèn pyès monnen vil Wòm, kapital peyi litali, ki te genyen efiji, kididonk pòtre divès anperè ewopeyen , denpi anperè Ogis bò lanne 350, anvan peryòd kretyèn lan anvan Jezikri.
Gwo malèt lajan sa ta sanble pou yon gran komèsan. Èske lè sa a nou te kapab panse te deja genyen komès regilye ak pati sid kontinan mariken an, amerik di sid, ou byen èske se ta va yon gwo batiman demate ant zile kanari ak kapvè jis li ta vin fè nofraj nan peyi Venezyela?.
Èske Kristòf Kolon te tande pale de Groenland ? Antouka se ak rezon, ak lojik, li te tanmen rechèch li sou wout sid latè a ak lanmè a.
Li enpòtan, pou n ta fè dèskripsyon yon bout lanmè, yo rele lanmè Sagas . Navigatè nan epòk sa a te dekri lanmè Sagas , ki se yon pasaj oblije, tankou yon lanmè ki chaje ak gwo plant alg ki gen posibilite bloke pwogresyon nenpòt gwo batiman. Moun te menm panse, nan mitan veritab pye bwa sa yo sou lanmè a, te gen gwo resif anba yo . Men lòt bagay ki enpòtan, kalte vejetasyon sa yo toujou konstitiye siy kòmkwa tè a tou pre .
Genyen anplis, listwa yon pilòt ki te mouri lakay Kristòf Kolon. Batolomeo de las Casas te rakonte , li di konsa : “Te gen yon batiman ou byen yon karavèl ki te pati kite peyi lespay , li te boure ak machandiz pou l al vann nan peyi la Bèljik nan zòn flandr ak nan peyi langletè . Men yon gwo van tanpèt te charye bato machandiz la pou mennen l sou yon zile tou nèf . Maren yo ki te nan batiman an te degaje yo pou yo retounen nan peyi lèspay nan move eta.
Pilòt ou byen maren ki t ap pilote batiman an, se lakay Kristòf Kolon li te vin remize pou l pran swen enpi se lakay Kristòf Kolon menm maren sa mouri.
Pou l temwanye rekonesans li te genyen anvè Kristòf Kolon maren an , anvan l mouri , li rakonte Kristòf Kolon tout kalamite ki te frape l , enpi ak mwayen yon kat marin , yon kat jeyografi lanmè , li te montre Kristòf Kolon tout wout sou lanmè a li te travèse pou l rive sou zile enkoni sa a.
Dapre Batolomeo de Las Casas, ki kontinye ap pale , li di se pa yon aza , si Kristòf Kolon ta rive jwenn tè kote l te jwenn li an , paske apati temwayaj maren an ki te mouri lakay li an , li te gen garanti li t ap jwenn tè wèpawè apati wout li te fè a”…………. Nou t ap site deklarasyon Batolomeo de Las Casas.
Kristòf Kolon pa t yon sen legliz. Si se vre li te genyen imajinasyon, nou kapab konprann tou, mouche Kristòf Kolon te gen kapasite pou l vòlè lide lòt moun , enpi li te abil nan itilize eksperyans lòt moun .
Pou konnyè a, Kristòf Kolon konnen l p ap janm genyen mwayen pou l fè gran vwayaj sa si l pa jwenn èd , si l pa jwenn bourad . Kalamite l pral kòmanse .
Nan lanne 1484, Kristòf Kolon mande pou l rankontre enpi ekspoze pwojè l bay wa Joao nan peyi Pòtigal . Li mande wa Joao pou l finanse ekspedisyon militè a, Denpi nan epòk sa a, Kristòf Kolon kòmanse frape lèstomak li di l genyen nan pòch li tout kle pou l louvri pòt nouvo mond la . Sepandan li pral blije tann 8 lanne, anvan l rive mete kle sa yo nan seri pòt nouvo mond lan .
Nan moman sa a wa Pòtigal la te plis enterese voye piye richès peyi afriken yo ki tabli pi pre peyi Pòtigal .
Batolomeo de Las Casas rakonte , li di konsa : “ Me sa Kristòf Kolon te pwopoze wa Joao nan peyi pòtigal, li di li gen tout enfòmasyon ki kapab pèmèt li dekouvri anpil gran tè, zile fètil, ki rich ak lò, lajan, perl, pyè presyez, zile ki gen anpil moun . Pou sa, li kapab pase pa wout lwès nan direksyon sid latè . Pa menm wout sa, li gen asirans l ap abouti nan peyi lend ak gran zile Sipangi ki didonk peyi Japon ak wayom gran kan”.
Pou l mennen gran antrepriz sa, Kristòf Kolon te pase kondisyon sila yo a kwa Pòtigal la :
1-Pou wa Pòtigal la bay li 3 karavèl (3 batiman) byen ekipe ak chay pwovizyon pou yon lanne .
2-Pou wa a bay li tit noblès nan sosyete pòtigèz la .
3-Pou wa a bay li tit gran amiral .
4-Pou wa Pòtigal la bay la pouvwa vis-wa ak chèf gouvènman, pou toutan, nan tout tè fèm li ta dekouvri , enpi pou l ta genyen yon dizyèm sou tout pwodi li ta twouve nan tout peyi sa yo .
Nou kapab konprann kòman Kristòf Kolon, ki pa t posede plis pase po dèyè l, kòm pi gwo byen, men li te tèlman gen gwo tanta , li pa t menm fè kalkil si wa Pòtigal la te akòde l tout privilèj sa yo , li t ap vin tounen premye pèsonaj nan wayom Pòtigal la , kivledi pi chèf, pi pisan pase menm wa pòtigal la.
Sepandan, se menm privilèj sa yo Kristòf Kolon pral reklame tou, bò kote souvren panyòl yo, kèk lanne apre .
Wa Pòtigal la te chita koute Kristòf Kolon, li te pran pou yon ransè, yon mantè, yon nèg ki pale anpil, ki plis sanble ak yon nèg tèt pa drèt. Wa Pòtigal la, menm si l pa pran Kristòf Kolon pou nèg serye, sa pa vle di li meprize pwojè a. Wa Pòtigal la te sèlman vle ranmase enfòmasyon nan bouch Kristòf Kolon, enpi pou l bay Kristòf Kolon pakala .
Se Batolomeo de las Casas k ap rakonte toujou pou l di : « Lè wa Pòtigal la fin byen koute pawòl ki soti nan bouch Kristòf Kolon, lè l fin gen bonjan enfòmasyon sou wout ak direksyon ki mennen nan zile tou nèf yo, lè l fin rache ak anpil teknik tout sekrè nan bouch Kristòf Kolon, enben wa Pòtigal la, anbachal, li fè ekipe ak gwo zam, yon batiman kote l voye maren Pòtigè al fè ekspedisyon an. Pandanstan, wa Pòtigal la ap fè dilatwa ak Kristòf Kolon l ap fè dòmi, pou vwayaj wa a voye fè an sekrè a gentan akonpli. Sepandan, gwo van tanpèt charye batiman ekspedisyoon wa a te voye a. Maren pòtigè yo blije retounen nan move kondisyon ak gran dekourajman ».
Kristòf Kolon te rive konprann se nan betiz wa Pòtigal la t ap pase l. Lapèrèz vin anvayi Kristòf Kolon pou wa Pòtigal la, swa pa itilize lafòs brital pou l blije l devwale plis sekrè, swa pou l pa gentan al ofri sèvis li bay lòt souvren ki gen kapasite finanse pwojè a.
Se konsa, nan kòmansman lanne 1485, Kristòf Kolon mete zèl nan pye l, li pete kouri, li sove kite peyi Pòtigal ansanm ak pitit gason l lan. Lè yo rive nan peyi lèspay, yo pa gen yon gouden nan pòch yo, se mwa n fransisken « LA RABIDA » ki te blije akeyi Kristòf Kolon ak pitit li pou bay yo manje ak la dòmi.
Pandan sejou yo nan monastè a, gen yon mwa n, Wann Perès, ki te koute Kristòf Kolon an anpil atansyon. Se rankont sa ki pral jwe pi gran wòl nan lavi, nan desten Kristòf Kolon.
Monpè Wann Perès, se li menm ki konn konfese la rèn peyi lèspay. Savledi l konnen ki jan pou l fè, pou l pèmèt Kristòf Kolon pran kontak nan gran lakou wayòm peyi lèspay.
Se nan mwa avril lanne 1486, gwo potanta nan peyi lèspay te resevwa Kristòf Kolon. Men yo pa t pran pawòl li yo oserye. sepandan souvren yo pa t fin pouse msye nèt. Sèl bagay, yo te ofri msye yon ti kòb chak mwa, enpi y ap suiv li . Rive nan lanne 1491, souvren peyi lèspay yo te koupe sous Kristòf Kolon, ki retounen nan lanmizè ak grangou pi rèd. Lè l retounen nan monastè LA RABIDA ankò, se ak bra louvri yo akeyi l. Men monpè Wann Perès ki te kwè tout bon nan pawòl Kristòf Kolon yo, te derefize admèt echèk rankont li, ak souvren panyòl yo .
Se konsa monpè Wann Perès deside entèvni dirèkteman bò kote larèn peyi lèspay pou l mande l zanminen pwojè a yon lòt fwa ankò.
Men, fwa sa a demach la vin posib, paske gen lòt evènman tou nèf ki pral pèmèt dosye a louvri pi vit toujou.
Anfèt, demach la posib, enpi li menm rive nan lè l ta dwe abouti paske te vin gen lòt done ki blije dosye a louvri ankò. Dabò te gen temwayaj Batelemi Dyaz ki li menm ak tout ekipaj li, ki di yo te wè tè sou wout lwès la. Anplis vin gen anpil demand ekspedisyon, tankou ekspedisyon Dilmo, ekspedisyon Estreyito, ekspedisyon Bahayim ak ekspedisyon Muntzè. Tout navigatè sa yo se konkiran Kristòf Kolon nan kous pou ale nan peyi lèzend.
Anfen, vin gen Penson ak pakèt ransèyman li gen nan men l.
Rankont ant Penson ak Kristòf Kolon, se dezyèm kout pous, dèsten ou byen aza pral pote pou reyisit vwayaj la.
Maten-Alonso Penson, se chèf yon fanmiy onorab moun byen konnen nan vil Palòs. Nan fanmiy sa, gen anpil maren ki rich, yo menm se navigatè ki konnen lanmè byen, enpi ki ranmase anpil eksperyans nan zafè vwayaje sou lanmè.
Tout moun nan vil Palòs rekonèt yo, kwè nan valè yo. Denpi kèk tan, Penson te gen pwojè vwayaje nan wout lwès la. Li te gen yon zanmi l ki se sèvitè entim sen pè a ki didonk pap nan epòk la. Zanmi sa a, li te gen metye kòsmograf ki vledi li te konnen kote plizyè tè sitiye, enpi nan bibliyotèk Vatikan an kote pap la rete, li te rive jwenn bonjan enfòmasyon, moun kapab rive twouve zile sou wout lwès la. Yon gwo kat jeyografi te montre prezans tè nan distans okenn navigatè, okenn avantirye pa t janm pran chans ale. Tèks ki pale de tè sa yo, se wa Salomon ki te ekri yo ak pwòp men l.
Enben, se dokiman sa yo menm Penson te montre Kristòf Kolon. Anfas kòkenn chenn enfòmasyon sa yo, Kristòf Kolon mande Penson pou yo asosye ansanm nan pwojè vwayaj la, si toutfwa souvren yo ta dakò finanse vwayaj la.
Tout moun kapab konprann, asosyasyon ant 2 nèg sa yo pral pèmèt anpil bagay. Yon bò, nou jwenn Kristòf Kolon ki gen posibilite rantre nan lakou wa a pou l al chèche finansman ak otorite. Yon lòt bò, nou jwenn Penson yon maren eksperimante, enfliyan bò kote matlòt yo, enpi Penson se pa yon ti pòv malere tankou Kristòf Kolon. Dayè, se prezans Penson nan asosyasyon sa, ki pral pèmèt yo fè Kristòf Kolon yon ti kredi ak garanti serye anplis.
Osito l resevwa lèt ki soti bò kote monpè Wann Perès, larèn peyi lèspay gentan konvoke yon kominikasyon gwo potanta wayòm lan ak yon bon valè savan, pou etidye yon lòt fwa ankò, pwojè vwayaj Kristòf Kolon an.
Se nan mwa janvye lanne 1492 repons la rive, yon repons frèt tankou mab. Souvren panyòl yo voye di Kristòf Kolon, li gen otorizasyon vwayaje enpi yo swete l bon vwayaj.
Nou kapab konprann, se pa yon senp otorizasyon konsa Kristòf Kolon t ap tann. Men nou dwe konnen tou, nan lakou wayal la, yo pa t renmen Kristòf Kolon ki fè konmsi l pa konprann desizyon an.
Li ranje 2 – 3 vye moso ranyon l te genyen kòm rad pou l mete yo nan malèt li. Malgre sa, Kristòf Kolon pa deside fè bak sou okenn nan egzijans li te fè pou l dirije kòkenn chenn ekspedisyon an, nan non souvren panyòl yo.
Pandan l te prèske rive Grenad, yon jandam rele Kristòf Kolon. Latranblad pran Kristòf Kolon ki panse se fouke jandam lan pral fouke l tankou yo te manke arete l nan peyi Pòtigal. Enben, lè Kristòf Kolon prezante douvan jandam lan, li te tou sezi wè kouman jandam lan salye l ak respè pou l te resevwa envitasyon pou li retounen nan lakou wayal la prese prese.
Se sekretè leta a, Wann de Koloma, ki resevwa Kristòf Kolon nan lakou wayal la. Wann de Koloma resevwa lòd wayal pou l drese ak dilijans, konvansyon ki ta dwe siyen ant yo menm ansanm ak tout pyès, tout dokiman Kristòf Kolon ta egzije kòm nesesè pou vwayaj la, pou sa li pral rele gran dekouvèt la.
Tèks ki ekri pou siyen akò, pou sele antant la, yo bay li pote tit: Kapitilasyon. Yon akò, yon privilèj Kristòf Kolon t ap tann denpi plis pase 8 lanne, rive anfen tabli nan dat 17 avril nan lanne 1492. Tèks sa a pote siyati Kristòf Kolon, siyati Wann de Koloma, siyati wa ak rèn peyi lèspay.
Yo renmèt Kristòf Kolon yon rapò jeneral, enpi moun nan vil Palòs resevwa lòd pou yo renmèt bay Kristòf Kolon, nan yon delè 10 jou, 2 karavèl ak gwo zam, ekipaj ak tout founiti nesesè pou 12 mwa. Pou sa ki konsènen lajan, Kristòf Kolon te resevwa yon milyon maravedi.
Maravedi, se inite monetè peyi lèspay nan epòk sa. Pou konnyè a, inite monetè peyi lèspay, se peseta. Sepandan, pou kouvri tout frè vwayaj la, Kristòf Kolon te reklame 2 milyon maravedi. Listwa pa rapòte ki kote Kristòf Kolon te jwenn lòt milyon maravedi a, ou byen èske li pa t rive jwenn li.
Antouka, Kristòf Kolon pare pou gran vwayaj la…..
Radyo Atlantik di ayibobo pou tout moun ki t ap koute emisyon listwa dayiti, ak tout sila yo ki li tèks listwa dayiti sou sit atlantik la.
Si yon pèp pa konnen pase li, si yon pèp pa konnen listwa li, enben pèp sa a kondane pou li reviv menm pase sa, menm listwa sa ankò, sou menm fòm lan, ou byen sou yon lòt fòm .
Ti moun yo, gran moun yo dwe konnen listwa peyi yo. Se pou sa, nou mande wou menm ki koute ou byen ki li listwa dayiti jodi a, pou w envite lòt moun fè konesans ak listwa dayiti sou sit ATLANTIK la.
|