Istwa Dayiti
 
CHAPIT III : KRISTÒF KOLON  FOUYAPÒT

Nan kenzyèm syèk la, ki didonk nan lane 1400 yo, peyi Lèspay te bezwen anpil zepis ak anpil lò; bagay panyòl yo pa t genyen lakay yo .

Yon navigatè ki te rele Mako Polo te rakonte denpi nan katòzyèm syèk la, li te travèse kontinan lazi , peyi Mongoli enpi l te rive rejwenn kontinan lewòp lè l te pase pa Simatra. Menm avantirye venisyen sa te fè konprann, pandan vwayaj li yo, li te travèse tè ki te rich ak zepis ak lò .

Se bagay sa yo ki te vire lòlòj tout gwo bacha nan peyi ewopeyen yo . Nan epòk sila , gen kèk chinwa ki te rakonte peyi Japon ki sitiye nan kontinan lazi tou, se yon veritab jaden ki genyen tout sa moun bezwen. Enfòmasyon sa yo te pouse ewopeyen yo pran tout kalite inisyativ pou yo jwenn wout pou y al fè dechèpiyay.

Maren, jeyograf , souvren, bankye, komèsan, raketè tout kalite, soufri yon sèl maladi , ki se maladi pou yo jwenn wout sou lanmè ki kapab mennen yo nan peyi Japon, yo te rele Sipangu nan epòk la.

Pami tout anbisye sa yo te genyen , byennantandi, Kristòf Kolon, ki pat sispann fè rèv je klè pou l swadizan dekouvri tè tou nèf pou l al ranmase lò.

Keksyon plizyè istoryen souvan ap poze : Se ki kalite moun Kristòf Kolon ye ? Moun ki peyi l ye ?  Ki ran sosyal Kristòf Kolon, ki relijyon l?  Èske Kristòf Kolon , se te yon katalan , yon kòrs , yon jenwa ou byen yon franse ? Èske Kristòf Kolon se te yon juif, yon loray kale ou byen yon ti moun ki leve san gran moun: yon kokorat ?  Èske Kristòf Kolon se te yon pitit deyò , yon pitit anba chal ki soti nan senti yon wa ou byen yon pap ?

Men nan dyalòg li konn  genyen ak lòt moun , Kristòf Kolon toujou pran prekosyon pou l pa janm di,  ni ki moun li ye, ni moun ki kote l ye. Men moun ki te konnen Kristòf Kolon te kapab di l se yon nèg ki wo, li gen vizaj long , ki pa sanble ak moun ki abitye soufri, li gen nen pwenti , je ble ak koulè po, blan blèm .

Lè l te jenn gason , cheve ak bab li te blon, men byen bonè msye te kòmanse blanchi.

Lè Kristòf Kolon t ap eksprime l , li toujou fè sa ak vivasite , msye te konn pale byen , li te gen kalite konvenk moun enpi msye te ògèye lè l ap pale de bagay li kwè ladan l.

Lè Kristòf Kolon ap manje , bwè, li pa konn fè voras enpi l te konn abiye nenpòt ki jan.

An reyalite, moun pa t renmen dyaloge ak Kristòf Kolon . Sa pral lakòz li souvan twouve l sèl , san zanmi, pi bon zanmi l se lide li .

Anpil moun te menm pè kristòf Kolon , paske msye te antète ki vle di li vle se toujou li menm ki gen rezon . Menm gen moun ki panse si Kristòf Kolon pa t fou , sanble l toujou gen lwa ki danse an tèt li . Kristòf Kolon souvan awogan , li si de tèt li , li pretansye. Se petèt kalite ak defo sa yo ki pral fè l tounen yonn nan sèl moun ki te kapab antreprann kòkenn chenn avanti sa li te rele : Dekouvèt nouvo mond la. 

Sanble Kristofowo Kolonbo ta pran nesans nan vil jèn pou peyi Itali nan lane 1436. Dapre sa ki ekri nan epòk sa yo , Kristòf Kolon ta kòmanse navige ,voyaje sou lanmè pou pita nan lane 1461, sa vle di denpi byen lontan anvan laj 25 lanne , Kristòf Kolon te kòmanse pran kanntè pou l al chèche lavi nan lòt zile ou byen nan lòt peyi.

Nan epòk sa a, Kristòf Kolon te rèd nan zafè politik , paske listwa rapòte li konn ap mache fè kanpay ansanm ak pwòch paran l , yon lòt selèb navigatè ki rele Koulon Fèdinan dAragon. Alòske, nan lane 1476, se menm Fèdinan dAragon sa ki pral pwoteje Kristòf Kolon .

Listwa rapòte tou, nan lanne 1477, Kristòf Kolon te fè vwayaj nan lanmè peyi Island. Lè l te rantre nan peyi Pòtigal nan lane 1478 , li te marye ak yon ti fanm yo te rele Felipa Moniz Perestrello . Ti fanm sa te gen anpil lajan , li te fè pati fanmiy noblès, pitit fiy yon kolonizatè , yon kolon ki te anvayi zile Madè. Se te nan lanne 1480, premye pitit gason Kristòf Kolon an te pran nesans , li te rele ti gason sa : Dyego . Lide k ap sikile pou fè konnen genyen lòt tè pou swadizan dekouvri, kontinye ap fè chimen l.

Plizyè temwayaj prevwa menm pa ki wout pou maren , navigatè yo ta pase pou fè dekouvèt sa yo.
Pandanstan,Kristòf Kolon ki toujou gen ti kaye nòt li nan bounda pòch li ap pran nòt. Li te rele ti kaye nòt sa : « Libros de memorias», ki vledi liv memwa, kote l te konsiyen tout endis, tout ti referans li tande pale enpi l konte itilize nan moman l ta bezwen.

Pami enfòmasyon l deja genyen, yo rapòte prezans sou lanmè divès gwo banbou ak bwa èskilte, van lwès yo pouse. Wa Pòtigal la ki posede èskilti an bwa ak banbou èspesyal sa yo, te montre Kristòf Kolon yo, enpi l te panse materyo sa yo ta soti nan kèk zile  ki pa twò lwen.

Anplis, toujou sou lanmè a,yo konn wè yon seri gwo pye bwapen, van te charye nan menm kondisyon yo . Lòt bagay ki te konn enkyete moun ankò, se prezans yon kalite kadav moun mouri sou lanmè a, enpi koulè po kò ak fòm kadav sa yo pa t sanble ak sila yo kote Kristòf Kolon t ap viv la, kivledi, kadav sayo pat kadav ewopeyen. Nan lanne 1476 yon temwen ki te rele Antonyo Leme, menm jan ak Fènam Domingo de Arco nan lanne 1484, te sèmante di yo te apèsi kèk zile nan zòn lwès peyi Pòtigal.

Yo te menm rakonte listwa yon pilòt ki konn kondi avyon, men pilòt sa te gen yon sèl grenn je , pilòt sa te di l apèsi yon tè li kwè ki sanble ak yon zòn ki rele Tatari. Kristòf Kolon te panse se pa t Tatari vre, se yon tè ki rele tè Bakalaw ki vle di tè lanmori ou byen Tènèv, men abitan bretay, breton yo ak moun nan peyi Bask te konnen tè sa a denpi lontan.

Menm jan tou, genyen zile Antiya , yo te rele tou zile 7 site, moun rakonte nan lanne 711, 7 evèk, 7 monsenyè Pòtigè te debake nan zile sa pou y al sere pou yo pa t mouri lakòz envazyon Sarazen yo. Monsenyè sila yo te kreye yon vil nan zile sa,  enpi yo te mete dife, yo brile bato ki te mennen yo nan zile sa, yon fason pou yo pa t janm gen lide retounen ankò nan peyi Pòtigal .

Plizyè tantativ te fèt pou al anvayi lòt tè. Nou kapab site pa egzanp : ekspedisyon Dyego de Tèv ak Pedro de Velasko, ki  te fè wout nan direksyon Asò , men yo te retounen san rezilta.

Sepandan, nan dat 2 janvye lanne 1474, malgre echèk Dyego de Tèv la, Fènan Teyès te rive konvenk wa Alfonso 5 pou l bay li privilèj eksklizif antrepriz vwayaj nan zòn oseyan atlantik la, enpi tou li te mande wa a pou li menm Fènan Teyès vin tounen pwopriyetè tout tè l ta va swadizan dekouvri yo ak kondisyon, tè sa yo pa gen moun k ap viv nan yo .

Nan dat 10 novanm lanne 1475, wa Alfonso 5 renouvle menm privilèj la bay Fènan Teyès ak yon ti diplis. Wa Alfonso 5 te pwopoze l ap fè Fènan Teyès kado tout tè li anvayi, menm si yo gen abitan nan yo , menm si yo kiltivab. Enpi ki sa Fènan Teyès devni ?

Erezman pou Kristòf Kolon, malè yon moun kapab fè bonè yon lòt, Fènan Teyès mouri nan dat premye avril lanne 1477.

Kristòf Kolon te konn tande pale de yon seri bwa èspesyal ki soti nan zòn yo pa t konnen, men yo te rele Brazens. Se mo Brazens sa ki pral tounen Brazil, enpi Brezil .

Pyès bwa presye sa yo, kouran dlo lanmè charye regilyèman, yo vin chwe sou rebò lanmè bò kot peyi Gal ak peyi Iland. Kantite bwa presye sa yo te tèlman anpil, moun te konn charye yo pou fè komès.

Sanble bwa presye sa yo te soti nan gran la rivyè peyi Meksik. Moun kapab remake bwa sa yo nan bibliyotèk Chal 5 nan Louvr peyi la Frans. Pou sa ki konsènen peyi Brezil, sanble Pòtigè yo te deja pile tè sa kèk lanne anvan ekspedisyon Kristòf Kolon an, men yo te gade sekrè a. Anpil temwen te rapòte, wa Joao nan peyi Pòtigal, ta konfye Kristòf Kolon sekrè a.

Istorikman, se Viking yo, ak Erik Tòvalsonn, yo te rele tou Erik Lewouj ki te konfime anvayisman sa yo rele nouvo mond lan, lè l te enstale l nan lanne 986 nan zòn Groenland, paske yo te mete l deyò nan peyi Nòvèj, yon peyi Ewopeyen .

Men, moun ki te vrèman apèsi tè Groenland lan, se yon islandè ki rele Gounnbjòrn nan lanne 900 yo. Nan menm lanne 986 la, yon chèf islandè ki rele Bjani, van te charye batiman l te ladan, pou mennen  l nan zòn nò la tè, se konsa l te debake tou nan Groenland, kote l te rankontre Erik Lewouj. Sanble se menm BJANI sa a ki ta premye debake nan  lamerik….

Radyo Atlantik di ayibobo pou tout moun ki t ap koute emisyon listwa dayiti, ak tout sila yo ki li tèks listwa dayiti.
Si yon pèp pa konnen pase li, si yon pèp pa konnen listwa li, enben pèp sa a kondane pou li reviv menm listwa sa ankò ; sou menm fòm lan ou byen sou yon lòt fòm .

Ti moun yo, gran moun yo dwe konnen listwa peyi yo. Se pou sa, nou mande wou menm ki koute ou byen ki li listwa dayiti jodi a, pou w envite lòt moun fè konesans ak listwa dayiti sou sit ATLANTIK la.

 

 

Moso listwa Dayiti