6 Desanm 1492 : se dat kòf trezò zile peyi dayiti premye kraze, kote eskanmotè blan panyòl debake an chango pou vin dechèpiye lò ki blayi nan tout mòn, nan tout rivyè, tout ti kannal ki genyen nan zile a ; se dat tou, ki make peryòd kote anpil san endyen pral koule.
Pou endijèn yo, se premye jou kalamite a ki te kòmanse, kote plis pase yon milyon kretyen vivan nan ras endyen an pral disparèt pandan yon peryòd sèlman 15 lanne. Premye anvayisè blan panyòl yo te san pitye.
Jou maten sa, nan lapwent prèskil nò a, syèl la pat gen ti kal nyaj, lanmè a t ap monte desann anba yon ti van livè, yon ti van fredi. Endyen yo te reveye ak solèy, enpi kèk nan yo te desann sou plaj la pou ranmase kokiyaj, vag lanmè a te charye pandan lannuit sou sab la.
Lè yo t ap gade nan fon lanmè a yo wè 3 pwen nwa ki t ap vanse tou dousman soti byen lwen, men ki t ap gwosi tanzantan sou lanmè a. Solèy la ki t ap leve te bay aparans konmsi l t ap suiv yo, moun yo te gen lakrentif, grenn je yo te fikse sou etranj kokiy gwo batiman sa yo ki t ap gwosi enpi ki t ap pwoche sou yo.
Souvni kannòt karayib yo pa t pèdi nan memwa yo, enpi endijèn yo te panike, yo te bandonnen plaj la, pou rantre nan vilaj la, pou yo te kouri al sere nan forè a.
Pwen nwa yo te vin tounen 3 gran bato ki fèt an bwa ak vwal, ki t ap mete tèt bò kot la.
Anvayisè blan panyòl yo sezi wè bèl zile sa, y ap poze tèt yo kesyon : se San Salvador ? ou byen Kiba ? Men sanble pa gen nanm k ap viv sou zile a ? Panyòl yo te tire plizyè pyès kanno pou yo fete swadizan dekouvèt yon bout tè tou nèf, enpi vapè poud yo t ap gaye.
Yo te òganize yo konsa : yo prepare kwiy pou mete dlo, sak pou mete frui, plon ak poud pou chase jibye enpi lè y ap travèse pas dlo, se ak men yo bese pou ranmase lò ki te gaye atè a.
Debakman an te prevwa pou landmen 7 desanm lanne 1492. Pou fèmen bèl jounen sa, yo te tire yon premye kout kanno nan zile a, pandan yo batize zòn kote 3 bato yo te akòste a Mòl Sen Nikola. Non Sen Nikola a, se non yon evèk, yon monsenyè, yo te abitye selebre chak dat 6 desanm nan legliz katolik
9 eskanmotè blan panyòl , ame tankou seza, glise soti nan yonn nan 3 bato yo, pou travèse al nan yon ti kannòt.
Nan tèt kòlonn bato ak kannòt yo , nou jwenn Kristòf Kolon kanpe douvan ak manchèt li nan yon men , grenad nan lòt men an byen detèminen pou mete men sou lò ak moun . Dèyè li te genyen 3 karavèl: La ninya, La pinta ak la Santa Marya. Apre kèk kout ram, 9 eskanmotè yo te gentan sou sab zile a .
Pou te pèmèt li pran kontak ak endyen yo, Kristòf Kolon te kidnape yon jenn gason nan San Salvadò pou te sèvi kòm entèprèt, kòm gid.
Yo te fè l mache nan tèt twoup la, pou si paka nenpòt danje se li menm k ap pèdi lavi l. Apre yo te fin travèse divès pas dlo , yo rive nan biskèt yon vilaj endyen yo ki gen yon santèn ti kay konsa. Gid la ki te akonpanye yo , te lanse apèl bay endyen yo , yo te wè kèk gason ak fanm ki t ap parèt dèyè fèy bwa yo . Endyen yo ki te mefyan , sezi, nayif. Yo rapwoche sou blan panyòl yo. San Kristòf Kolon pa t mande yo , yo te pote frui, dlo dous, chica. Yo te ofri ladòmi bay etranje yo nan pwòp ti joupa yo. Poutan malgre ensistans endijèn yo, blan panyòl yo te retounen sou bato yo kote hidalgos yo kidonk chèf blan panyòl yo t ap tann yo ak anpil enpasyans.
Anvan l te retounen bò kot la ,Kristòf Kolon ki te panse l te tou pre zòn lwès peyi End, li te asimile tou endijèn yo tankou se endyen yo ye . Men an verite , se nan kontinan ameriken l te ye . Endijèn yo ta dwe pote kalifikatif ameriken.
Pòv endyen yo te vrèman nayif, yo pa t konprann anyen . Amiral Kristòf Kolon ak gran pretansyon l, te kwè tout sa li batize se te pou li. Li pral kòmanse fòme twoupo èsklav li .
Se nan dat 12 desanm 1492, Kristòf Kolon te plante yon gwo kwa an bwa sou plaj la, enpi li te pran posesyon zile a . Li te bay zile a pote non Isla Española ki didonk zile blan panyòl, ki pral vin tounen Ispanyola, li te wè Ayiti sanble anpil ak peyi Lespay.
Dapre sa yo rakonte, lè Kristòf Kolon te premye retounen nan peyi lespay, yo te poze l anpil kesyon sou prezantasyon zile a, li te pran yon fèy papye , li te chifonnen l enpi li depoze l sou yon tab kote l te di : « me Ispanyola, tè ki gen anpil mòn ».
Kwa sa , Kristòf Kolon te plante sou zile a, ki pral tounen peyi dayiti, li te plante l nan non relijyon katolik ak nan non la rèn ak wa ki te peye pou vwayaj la reyalize.
Gran kwa sa pral tounen nan peyi dayiti ak nan plizyè peyi, senbòl lanmizè, senbòl linyorans, senbòl silans ak senbòl eksplwatasyon moun, kote sistèm esklavaj la pral rive tabli pou toutan apati travay ideyolojik, travay nan lèspri pou favorize soumisyon yon klas moun , yon ras moun, ki se ras endyen – ameriken yo ak ras nwa a .
Yon jaden peple ak endyen !
Kristòf Kolon pa t debake sou yon zile sovaj tankou li te vle fè kwè l. Tè li te foule a t ap gouvènen ak 5 kasik : Gwaryonèks, Kayako, Kawonabo, Boekyo ak Gwakanagarik. Premye a kidonk Gwaryonèks te renye nan zòn Maragwa ki vle di wayom plenn lan . Kapital Maragwa te twouve l nan zòn kote blan panyòl yo pral vin fonde vil « Concepcion de la vega », enpi, pisans li te tann nan nò ak lès jis rive nan lanmè kap Rafayèl pou bout nan vil Izabela.
Kayako se kasik pou zòn Igwey. Kawonabo ki te soti nan ras karayib, t ap gouvènen Maragwana. Boekyo te renye nan zòn Zaragwa. Anfen, Gwakanagarik te gen tout domèn Maryen an sou dominasyon l . Se sou dènye kasika sa Kristòf Kolon te poze pye l nan mwa desanm 1492. Se nan kasika Maryen an blan panyòl yo te debake.
Gwakanagarik te yon nèg ki renmen la pè , ki renmen linyon, ki renmen moun. Denpi nan premye kontak yo , li te pwopoze Kristòf Kolon pou l vin akòste bato l yo anfas bouk ki te sèvi l kapital, tou pre anplasman vil ki vin pote non Kap Ayisyen jounen jodi a. Debakman blan panyòl yo nan zile a lakòz endijèn yo pa sispann poze tèt yo keksyon , paske etranje yo debake ak anpil bagay yo pa abitye wè tankou : kalite rad yo, bijou yo te pote ki fèt ak krizokal. Boukantay ant endijèn ak blan panyòl te tanmen, pandan endijèn yo t ap fè tout sa yo kapab pou yo byen akeyi etranje yo , panyòl yo menm y ap prepare move kou.
Kèk jou apre debakman an, Santa Marya yonn nan bato ekspedisyon militè panyòl la, te vin kraze sou resif ki gade bò kot nò zile a.
Lè Gwakanagarik te konstate difikilte Kristòf Kolon te genyen pou l viv ak 3 ekipaj sou 2 batiman, li te ofri Kristòf Kolon pou l vin enstale l sou tè enpi l te dispoze bay tout èd li te kapab bezwen pou l rejwenn kakas bato l la, ki te kraze pou l kapab konstri yon kanpman. Se konsa Kristòf Kolon te deside tabli kò l sou tè. Jès envitasyon kasik la te byenvini. Men, Kristòf Kolon p ap kapab kontinye kache anbisyon l genyen , ni move plan sanginè k ap marinen nan kabòch li. Gwakanagarik te sezi konstate pakèt konstriksyon ki plis sanble ak yon fòtrès pou fè lagè, Kristòf Kolon te reyalize olye yon ti vilaj dapre antant ki te pase ak Gwakanagarik.
Kristòf Kolon batize fò sa : fò la nativite,
Apre 2 mwa y ap viv ansanm, relasyon ant endijèn yo ak blan panyòl yo pa t ankò gen pwoblèm .
Kristòf Kolon te ekri bay konpanyen l yo ti memo sila : « wa peyi sa fè m lonè pou l rele m frè li, enpi li trete m tankou frè li. Si santiman li ta vin chanje, nou menm blan panyòl , nou gen avantaj paske ni li menm, ni moun li yo pa konn manyen zam ; li pa konnen sa ki zam fann fwa ».
Yon monpè yo te rele Bartolomeo de las Casas ki se pitit yon konpanyen Kristòf Kolon te deklare : « Endijèn yo pa gen ni lanbisyon, ni ògèy, ni foli posede pakèt byen materyèl, ak anpil lòt vis nou menm blan panyòl nou genyen . Pa konn gen okenn lese frape nan mitan yo , yo antann yo fasilman yonn ak lòt san divizyon ».
Ekspedisyon Kristòf Kolon an pa t vini pou fè tourism , li te vini pou kolonize , konvèti enpi dechèpiye lò . Sipriz dekouvèt la pase, kolon yo reprann fòs yo. Se moman konnyè a pou kolon yo pase nan bagay serye. Baton an pral chanje bout . Zile a ki te konsidere tankou paradi sou latè , pral tounen lanfè lakòz prezans blan panyòl yo...
Radyo Atlantik di ayibobo pou tout moun ki t ap koute emisyon listwa dayiti, ak tout sila yo ki li tèks listwa dayiti sou sit atlantik la.
Si yon pèp pa konnen pase li, si yon pèp pa konnen listwa li, enben pèp sa a kondane pou li reviv menm pase sa, menm listwa sa ankò, sou menm fòm lan, ou byen sou yon lòt fòm .
Ti moun yo, gran moun yo dwe konnen listwa peyi yo. Se pou sa, nou mande wou menm ki koute ou byen ki li listwa dayiti jodi a, pou w envite lòt moun fè konesans ak listwa dayiti sou sit ATLANTIK la.
|