Istwa Dayiti
 
CHAPIT XI

MEKANISM KREYASYON LIDE REVOLISYON MAS ÈSKLAV NWA A.  MAWONAJ LA TANMEN

Blan panyòl te plante lèsklavaj nan zile Ispanyola.

Lè blan franse fin bay blan panyòl pakala, yo chanje non zile a, yo vin rele l sendomeng.

Men, kit yo te rele l Ispanyola, kit yo te rele l sendomeng, se menm zile sa a nou pra l rele peyi dayiti.

Anpil blan franse te pran kanntè kite peyi yo, pou yo vin chèche lavi miyò nan zile sendomeng. Blan franse yo pra l òganize sistèm lèsklavaj la san pitye.

Gras prezans ak entèlijans fanm nègès, yon lòt kategori sosyal moun, nou rele afranchi pra l jwe gran wòl nan listwa zile sendomeng lan.

Lè nou gen plizyè ras moun plizyè kategori sosyal moun nan yon menm sosyete, kote enterè chak ras moun sayo, kote enterè klas moun sayo pa danse kole, enben nou pa p janm ka anpeche lesefrape.

Nan zile sendomeng pra l gen lesefrape.

Gwo pye bwa revolisyon an tanmen pouse bonjan rasin. Men, frui yo ponko mi, yo ponko matrite.

Gaspiyaj lajan, ak richès zile a, prezans plizyè divizyon nan mitan mas èsklav nèg la, ak rapò afranchi yo devlope ak blan yo, ponkò pèmèt yon kòkenn chenn revolisyon eklate nan zile sendomeng lan.

Men, lòt bò dlo, nan peyi lafrans, lenjistis ak lanmizè pra l lakòz lesefrape fèt nan mitan blan franse yo menm.

Se nan klima sa, nan peyi blan franse, nan lane 1789 yon gwo revolisyon pra l eklate, kote blan malere ap mande libète, menm dwa ak lòt blan parèy yo ki gen tout privilèj.

Revolisyon ki fèt nan lane 1789 nan peyi blan franse pra l pote plizyè chanjman nan kondisyon lavi blan malere nan peyi lafrans. Plizyè nan chanjman sayo te ekri sou papye. Pami tout papye ki te ekri pou garanti dwa moun, gen yonn yo te rele : Deklarasyon Inivèsèl dwa moun. Nan papye sa a, blan yo te rekonèt tout moun sou latè gen dwa, kèlkeswa koulè po kò moun lan. Enben lide dwa egalego pou tout moun sou latè a, lide sa a pra l travèse oseyan Atlantik la, soti kite peyi lafrans pou li vin tabli nan zile sendomeng, ki gen moun tout koulè, men, kote moun sayo pa gen menm dwa. Chak gwoup moun pra l konprann bagay yo yon jan, selon koulè po kò yo.

Nan lane 1789 la, nan zile sendomeng, nou ka di te gen 3 kategori sosyal moun. 3 kategori moun sayo, se te kategori kolon blan yo, kategori afranchi, ak kategori èsklav nèg yo.

Nan epòk sa, se pa kantite lajan, ni valè tè ak richès yon moun posede ki fè w twouve w nan yonn nan 3 kategori sosyal sayo.

Menm si nan kategori sosyal afranchi a nou te jwenn kèk nèg, pifò nan afranchi yo se moun ki gen koulè po kò san mele blan ak nwa. Savledi, 3 kategori sosyal sayo nan zile sendomeng lan, te baze sou koulè po kò moun ki nan chak kategori yo. Se konsa, nan kategori sosyal kolon blan, nou jwenn blan sèlman.

Pami blan yo gen rich, gen sa ki pa gen anpil byen.

Nan kategori sosyal afranchi a, nou jwenn kèk nèg ki osèvis kolon blan yo, enpi prèske tout afranchi yo se moun ki gen koulè san mele.

Nan kategori sosyal èsklav nèg la, nou jwenn tout moun yo ki gen koulè po kò nwa. Pami nèg sayo, nou jwenn yon pati k ap travay nan gwo pwopriyete, sou bitasyon blan yo, nou jwenn yon pati nan nèg sayo se domèstik k ap travay lakay blan yo.

Nan mitan chak kategori moun sayo, anpil pawòl pra l pale, anpil lide pra l jèmen.

N ap kòmanse ak kategori kolon blan yo.

Nou pa dwe bliye, malgre gen anpil richès nan zile sendomeng, blan yo ki nan peyi lafrans konsidere tèt yo tankou se manman poul, enpi zile a se ze yo. Gran blan yo nan peyi lafrans, se yo ki kontwole tout komès zile sendomeng lan.

Olye yo pèmèt zile a fè komès ak lòt peyi, yo prefere fòse blan yo ki nan zile a diminye kantite machandiz y ap pwodi.

Alòs, nou ka konprann kolon blan franse nan zile sendomeng pa p janm dakò privilèj yo diminye. Se konsa, anpil kontrebann machandiz pra l tanmen fèt ant kolon blan ki nan zile sendomeng ak lòt peyi etranje.

Pou konnyè a, kolon blan yo tanmen egzije pou peyi lafrans bay yo dwa, pou yo chwazi yo menm, reprezantan ki pou nan biwo leta yo ; kolon blan ki nan zile sendomeng mande gouvènman blan franse nan peyi lafrans, otorizasyon pou yo deside ki sak pou fèt ak resèt taks y ap ranmase nan zile a, ak dwa pou yo fè komès pwodi, komès èsklav, libelibè ak lòt peyi blan. Gouvènman blan franse nan peyi lafrans pa dakò ak revandikasyon kolon blan yo nan zile sendomeng. Pou gouvènman franse rive gen kontwòl sitirasyon an, pou li rive toufe revandikasyon kolon blan yo, li pra l voye nan zile a yon blan kanson fè yo rele kont Dèsten.

Yonn nan premye bagay kont Dèsten fè nan zile a, li monte yon kò asayan, yon kò milisyen tonton makout li rele twoup nasyonal. Milisyen sayo, se te blan sèlman. Yo te jwe wòl lapolis, wòl jandam èspyon. Se milisyen blan sayo ki t ap siveye rapòte tout kolon blan nan zile sendomeng ki pa dakò ak desizyon gouvènman peyi lafrans pran.

Afranchi yo ki te gran pwopriyetè tou, menm si yo pa nan kategori sosyal kolon blan, yo pra l fè blòk ak blan yo, pou yo mennen kont Dèsten lavi di.

Lè tochon an tanmen boule tout bon ant kolon blan ansanm ak afranchi yon bò, ak kont Dèsten reprezantan gouvènman blan franse yon lòt bò, blan tankou afranchi vin pè pou mas èsklav la pa rantre nan jwèt la tou.

Gouvènman franse deside fè kont Dèsten kite zile sendomeng. Li pra l voye yon lòt gouvènman nan zile a, ak alatèt li, yon blan yo rele Monbazon.

Wòl monbazon, se vin kreye plis divizyon ant kolon blan ak afranchi pou febli fòs chak kategori sosyal sayo. Men, malgre tout mannèv gouvènman blan franse a, kolon blan nan zile sendomeng pouse revandikasyon yo pi lwen toujou.

Kolon blan nan zile sendomeng, egzije pou genyen nan zile a, yon konsèy kolonyal. Yo mande se sèl blan k ap viv nan zile a ki pou manb konsèy kolonyal la, se tankou yon fòm palman, yon òganizasyon leta ki la pou regle tout administrasyon zile sendomeng lan.

Kolon blan nan zile sendomeng yo mande, se konsèy kolonyal la ki gen dwa fè moun peye taks, enpi se konsèy la ki pou deside sa y ap fè ak kòb taks yo ; kolon blan nan zile sendomeng yo mande , se konsèy kolonyal la ki dwe fè lwa sou lagrikilti, sou endistri, sou komès, sou jistis. Enpi, kolon blan yo mande, se konsèy kolonyal la ki gen dwa òganize elèksyon pou mete majistra blan sèlman nan tout minisipalite zile sendomeng.

Konnyè a nou wè byen klè, ant gouvènmam blan franse, nan peyi lafrans, ak kolon blan nan zile sendomeng, batay la rèd, lesefrape a tanmen tout bon vre.

Enpi, jalouzi ti kolon blan yo te genyen kont afranchi yo pra l parèt ankò. Si pwojè yo genyen pou yo mete kanpe pwòp gouvènman yo nan zile sendomeng la reyisi, enben, kolon blan nan zile sendomeng pra l gen fòs pou yo poze lapat sou tout sa afranchi yo posede.

Dayè, blan yo pa janm sispann raple afranchi yo se desandan èsklav nèg yo ye.

Gen yon epòk kote blan yo te entèdi afranchi ak tout fanm nwa mete soulye, yon fason pou yo imilye yo. Lè sa a nègès ak milatrès yo te envante yon fòm sandal ki fèt ak riban ak kokiyaj.

Blan yo te entèdi afranchi ak fanm nwa yo mete menm kalte rad ak fanm blanch yo. Lè sa a fanm milatrès, fanm nwa yo abiye yon fason èspesyal ak yon bèl fòm rad yo rele madras.

Lè afranchi yo santi pèsekisyon kolon blan yo tout bon, yo pra l tanmen òganize yo. Yonn nan premye chèf ki te tanmen òganize rezistans afranchi yo vizavi kolon nan zile sendomeng, yo te rele l Doyon. Men tonton makout gouvènè zile sendomeng ki sou zòd gouvènman blan franse nan peyi lafrans, pa t pran tan pou li kraze tantativ rezistans sa a.

Afranchi yo pra l reklame patisipasyon yo nan konsèy kolonyal kolon blan yo te mete kanpe nan zile sendomeng.
Nan sans sa a, afranchi yo te fè yon chwa byen klè, ki fè nou panse yo te konsidere tèt yo plis blan pase nwa, ou byen yo te konsidere tèt yo tankou eritye blan yo

Nou pa dwe bliye, nou gen sou menm teren an, mas èsklav nèg yo se kategori sosyal moun sa ki prensipal sous èsklav. Nwa a bezwen libète, li konnen li pa p janm ka konte sou afranchi yo k ap kolabore ak blan yo pou mentni sistèm èsklavaj la ; mas nwa yo pa ka konte sou kolon blan yo nan zile sendomeng ki konnen, si pa gen èsklav nwa, pa gen gwo pwopriyete blan. Mas èsklav nwa a pa ka konte sou gouvènman blan franse nan peyi lafrans, paske si pa gen èsklavaj, yon pati nan popilasyon peyi lafrans ap mouri grangou.

Konnyè a, si mas èsklav nwa a bezwen libète, li konnen, se sou pwòp fòs li, li dwe konte. Enben fòs sa a, pèp nwa a pra l jwenn li atravè yon relijyon, atravè relijyon nwa yo : se relijyon Vodou a…

Ak nesans Vodou an nan zile sendomeng lan, tout èsklav yo ki soti nan peyi diferan nan kontinan afriken an, yo vin jwenn posiblite pou yo mete ansanm rasin yo, tradisyon yo, ak eksperyans yo deja ranmase nan zile a.

Vodou an, se mo majik la, se chenn linyon an, ki pra l rasanble pèp nwa a otou plizyè modòd tankou : Revòlt, lèspwa, vanjans kont blan yo, enpi libète. Alèkile, tout gran lide yo la. Lide yo se :Kòz nwa yo ap defann lan, yo jis. Lide yo se : Nwa yo pa renmen blan yo k ap fè yo sibi move trètman Lide yo se: lanmou pa libète Lide yo se : Laviktwa ou byen lanmò Lide yo la, se vre. Konnyè a rete pou òganize aksyon yo.

Se konsa, nan listwa liberasyon pèp nwa zile sendomeng, premye aksyon politik ki pra l poze se sa nou rele Mawonaj. Ti nèg nwè pra l tanmen rantre nan mawon. Ti nèg nwè deside al sere nan mòn, anba raje, ti nèg nwè rantre nan mawon…..

Direksyon Radyo Atlantik di AYIBOBO POU TOUT MOUN KI CHWAZI KOUTE EMISYON LISTWA DAYITI SOU RADYO ATLANTIK

Si yon pèp pa konnen pase li, si yon pèp pa konnen listwa li, enben pèp sa kondane pou l reviv menm pase sa ankò, sou menm fòm lan ou byen sou yon lòt fòm.

Pèp ayisyen gen memwa. Pou rafrechi memwa tout pèp ayisyen an, Radyo Atlantik envite ti moun tankou granmoun koute emisyon listwa dayiti. Chak moun ki koute, tanpri, envite lòt moun koute listwa dayiti chak madi, chak vandredi a 7 tè nan aswè, ak chak dimanch a 6 zè nan aswè, sou Radyo Atlantik.

LISTWA DAYITI ? SOU RADYO ATLANTIK

 

 

Moso listwa Dayiti