LIDE LENDEPANDANS AP JÈMEN NAN 3 KATEGORI SOSYAL ZILE SENDOMENG : BLAN-AFRANCHI-MAS ÈSKLAV
Endyen yo, premye abitan ki te rete nan zile peyi dayiti, yo t ap viv nan lapè jiskaske yon zenglendo ki rele Kristòf kolon debake ak yon bann sanginè panyòl pou yo vin detri ras endyen an.
Malgre rezistans pèp endyen an, blan yo ki te jwenn benediksyon nan men monsenyè ak monpè legliz katolik pou yo fè piyay zile a, yo te rive tanmen tabli baz pou plante sistèm lèsklavaj la nan peyi dayiti.
Yonn nan premye blan ki te bay lòd al derasinen ti nèg nwè mennen pa bòresit, dekwa pou ti nèg nwè vin ranplase endyen blan yo te fin masakre, yo te rele blan kriminèl sa a monpè Batolomeyo de las kazas.
Apre blan panyòl te fin fè kont zak briganday sou zile a, blan franse pra l debake pou yo kontinye kolonizasyon zile ki te rele sendomeng nan epòk la.
Men, se menm zile peyi dayiti a, ki pra l chanje non sendomeng, lè pèp ayisyen pra l flanke blan franse deyò ak kout zam.
Plizyè kalte blan franse pra l debake nan zile sendomeng pou yo bay sistèm peze souse lèsklavaj la jarèt.
Pami kategori sosyal blan sayo, nou te jwenn militè fonksyonè, nou te jwenn grandon, nou te jwenn ti blan mannan, ak ti blan angaje pou 36 mwa.
Men, pou blan sayo te rive gen kontwòl mas èsklav yo, blan yo te sètoblije kreye divizyon nan mitan nwa yo, kote blan mete yon bò, ti nèg kiltiv sou bitasyon, ti nèg dosil yo rele nèg talan, yon lòt bò blan yo pale de nèg kreyòl, se nèg ki pran nesans nan zile sendomeng lan, ak nèg bosal, se nèg ki fenk debake nan zile a.
Pèp nwa a te pase anpil kalamite nan vwayaj soti kite peyi lafrik, pou rive pa bòresit ; vwayaj nan move kondisyon, anba lakay yon seri gwo batiman yo te rele negriye.
Lè ti nèg nwè rive nan zile sendomeng, se konnyè a soufrans, ak imilyasyon yo pra l tanmen.
Men, lòt kategori sosyal moun ki pa blan, pra l patisipe nan listwa zile sendomeng, nan listwa peyi dayiti.
Konnyè a nan zile sendomeng, yon lòt kategori sosyal pra l pran nesans apati anpil sèvis èspesyal yo rann blan yo.
Lòt kategori sosyal moun sa a se li yo pra l rele afranchi. Moun ki nan kategori sosyal afranchi, se tout moun k ap viv nan zile sendomeng lan ki pa blan, men ki pa èsklav nonplis.
Nan kategori sosyal afranchi a, nou jwenn ti nèg talan, nou jwenn ti grimo, ti grimèl ki te rive fèt akòz gason blan vyole nègès bòn, vyole fanm èsklav nan bitasyon ; nan kategori sosyal afranchi nou jwenn tout fanm nègès blan yo te vin fè tounen bouzen.
Men zafè kategori sosyal afranchi sa a te tanmen denpi nan epòk boukanye. Yo te pati kite gwo bitasyon yo sou kont kèk èsklav ki te dakò mennen pwòp frè nwa parèy yo lavidi pou yo fè blan yo plezi pou yo fè blan vin pi rich.
Se konsa, nèg ki bay blan yo bonjan randman konsa, konn jwenn libète, yo vin afranchi. Alèkile, kalite nèg sayo vin gen pi bon kolaborasyon ak blan yo ki bay yo plis ti privilèj.
Menm si nan kategori sosyal afranchi a nou jwenn ti nèg nwè, endyen, milat, kivledi san mele nwa ak blan, nou ka di se sitou ti nègès fanm yo ki pra l pèmèt kategori sosyal afranchi a devlope plis nan zile sendomeng.
Kolon blan yo, se te yon bann sanzave ki pat janm bouke pran plezi. Yo te toujou bezwen fanm. Enpi lè sa a, pa t gen ase fanm blanch pou kontante yo. Nan sans sa, fanm nwa, ak milatrès yo ofri kò yo pou yo jwenn ti moso libète.
Men, gason blan yo te remake, non sèlman fanm nwa yo konn fè lanmou pi byen pase fanm blanch yo, anplis fanm nwa te konn fè manje byen, yo konn okipe kay pi byen, yo konn èlve, edike ti moun pi byen pase fanm blanch yo.
Si blan yo te dakò pou fè kèk èsklav vin lib, vin tounen afranchi, se pa paske blan yo te gen bon kè, se sitou paske blan yo te bezwen plis domèstik, plis moun yo achte konsyans yo, pou yo kontinye simen divizyon nan mitan tout moun ki pa blan.
Antouka, kategori sosyal afranchi a pra l jwe gwo wòl nan listwa zile sendomeng.
Nan mitan menm kategori sosyal afranchi a, nou jwenn tout kalite koulè moun ki pa blan. Pa egzanp lè yon blan fè yon pitit ak yon fanm nwa, yo rele pitla milat si se gason, yo rele pitit la milatrès si se yon tifi.
Lè yon gason blan fè pitit ak yon milatrès, yo rele pitla katewon. Lè yon gason blan fè piti ak yon fanm katewon, yo rele pitit sila metis. Lè yon gason blan fè pitit ak yon metis yo rele pitit la mamelouk.
Men, si se yon gason nèg ki fè pitit ak yon fanm blanch, yo rele pitit sa a milat ou byen milatrès ; menm jan tou si se yon gason nèg ki fè pitit ak yon fanm mamelouk ou byen ak yon fanm metis, yo rele pitla Marabou. Si yon gason nèg fè pitit ak yon fanm milatrès yo rele pitla grif.
Savledi, nan melanj ras blan ak ras nwa, nou te vin gen plizyè degre koulè nan zile sendomeng lan.
Kategori sosyal afranchi a pra l grandi byen vit, paske lè manman ak papa afranchi, tout pitit yo fèt afranchi tou.
Lè ti nègès ak ti milatrès yo tanmen konnen valè yo kòm fanm, konnyè a yo pra l fè bonjan komès ak cham yo, ak vijinite yo, pou yo jwenn libète pou yo menm, pitit yo ak fanmiy yo.
Se konsa, lè ti nègès ou byen ti milatrès la rive mete men sou yon kolon blan, lèl fin rantre lakay kolon blan sa a, li kouche nan kabann li, lè fanm sa a soti, li soti ak libète, li soti pafwa tou ak yon ti moso tè pou li travay ak yon ti kòb pou li fè boutik.
Apresa, nègès ak milatrès ki vin gen ti kòb, pra l itilize enfliyans ak sèks yo, pou yo achte yon blan malere pou yo marye, yon fason pou yo garanti libète yo plis toujou.
Antouka, lavni kategori sosyal afranchi a, se nan men, nan vant ak nan mitan janm fanm nègès, fanm milatrès yo li te ye. Fanm blanch yo pa t vle wè fanm nwa yo.
Nou kapab konprann sa, paske enterè fanm blan, ak enterè tout blan yo tanmen menase. Konnyè a, kategori sosyal afranchi a pa bezwen libète sèlman, afranchi yo bezwen anpil lajan tou. Se konsa chak afranchi pra l eseye genyen gwo pwopriyete, gwo moso tè pou yo patisipe nan pwodiksyon zile sendomeng lan tou.
Nan epòk sa, blan ki t ap gouvènen zile a te remake blan yo te vin pa ka pwodi anpil richès ankò, sa fè li pra l asosye kategori sosyal blan an ak kategori sosyal afranchi a, pou pèmèt plis richès pwodi nan zile sendomeng. Se konsa blan yo pra l bay afranchi yo anpil tè.
Sa pra l lakòz pifò nan afranchi yo vin gwosi ran gwo kolon kapitalis yo.
Pou afranchi yo jwenn valè tè, yo pra l oblije pran angajman vizavi kolon blan yo, pou yo mentni sistèm lèsklavaj la, afranchi yo pra l jwe wòl milisyen tonton makout kont kategori sosyal mas èsklav nwa a.
Kategori sosyal afranchi a te travay tèlman byen, sa pèmèt, nan lane 1789, afranchi yo te posede yon ka nan tout pwopriyete ki te nan zile sedomeng lan.
Lè afranchi yo fin rich konsa, y ap vwayaje dri nan peyi lafrans, y ap depanse lajan syè ti nèg nwè k ap trimen nan lèsklavaj, yo voye pitit yo al etidye nan peyi blan franse.
Se konsa, anplis yo vin gen anpil lajan ak yon gwo pwa ekonomik, yo vin gen tou yon siperyorite entèlektyèl ak plis lèspri.
Anfas reyisit sa a, blan yo pa t gen kè sote paske se menm sistèm lèsklavaj la ki t ap kontinye.
Se pousa nan liv regleman, yo rele kòd nwa a, sanzave Kòlbè te ekri a, li te bay afranchi yo prèske menm dwa ak kolon blan yo.
Men, baton an pra l chanje bout, paske afranchi yo gen anpil kòb, yo gen anpil lèspri. Blan yo tanmen fè jalouzi.
Nan epòk sa, afranchi yo te posede anpil èsklav, ak plis pase 2000 bitasyon nan zile a; yo gen tout dwa pou yo fè sa yo vle.
Anfas danje sa a, blan yo pra l tanmen reyaji; blan yo pa ezite raple afranchi yo, se desandan nèg nwè yo ye. Blan yo anpeche afranchi yo aprann yon seri metye; blan yo pa dakò kite afranchi yo chita nenpòt kibò nan sal sinema, nan sal teyat, nan legliz.
Se te yon veritab sistèm apated, kivledi separasyon ras, tankou sa te egziste nan peyi lafrik disid, nan peyi meriken ozetazini, kanada ak tout peyi blan yo.
Apresa, blan yo tanmen fè lwa pou yo bare wout kategori sosyal afranchi a.
Men, kòman blan yo pra l fè, pou yo bare wout kategori sosyal afranchi a ki gen ladan l plis pase 25.000 moun ki gen anpil lajan?.
Fòk nou prezante bay oditè Radyo Atlantik y oak vizitè sit atlantik la, kèk chif sou ekonomi zile sendomeng lan ki chita sou do, sou ponyèt, ak nan syè ti nèg èsklav nan epòk sa.
Tout bitasyon zile a voye regilyèman nan peyi lafrans plis pase 480.000 sak sik blan, plis pase 940.000 sak sik wouj, plis pase 760.000 sak kafe, 70.000 sak koton.
Lè sa a nan zile sendomeng te gen plis pase 600 gwo bitasyon ki t ap pwodi sik, 3379 bitasyon k ap pwodi digo, te gen 100.000 pye kokoye, 63.000 chwal, 93.000 tèt betay, plis pase 6 milyon pye bannann ak yon bann lòt pwodi latè ankò.
Lè sa, yon ka nan popilasyon peyi blan franse te depann dirèkteman de zile sendomeng, kivledi peyi dayiti.
Si se pa t peyi dayiti nan epòk sa, yon ka nan popilasyon blan franse t ap mouri grangou.
Se konsa, komès ant zile sendomeng ak peyi lafrans pra l pèmèt anpil blan franse, ti ouvriye, ti atizan, ti machann ak maren, jwenn travay nan peyi yo.
Blan franse pra l itilize lajan komès sayo pou yo konstri lakay yo anpil gwo vil, gwo otèl, bèl laplas ak syè ti nèg nwè.
Tout blan malere vin rich, vin boujwa sou do pèp nwa a.
Men, blan franse yo pran anpil prekosyon pou yo pèmèt okenn komès fèt ant zile sendomeng ak lòt peyi. Se yo menm sèl ki dwe jwi. Blan franse yo te menm anpeche pou pa gen izin ki konstri nan zile a. Sèl travay zile a dwe fè, se pwodi richès pwodi tout matyè premyè tout bagay pou voye lòt bò, pou ekspòte nan peyi lafrans. Kolon blan yo pa t fin dakò ak politik gouvènman blan franse.
Kolon yo te panse, pou komès la pran jarèt tout bon vre, pou yo te vin pi rich pi vit, fòk yo te ka fè komès ak lòt peyi tou.
Lè sa a kolon blan yo te tanmen pwononse mo endepandans.
Endepandans yo parapò gouvènman blan franse, nan peyi lafrans.
Nan menm epòk sa, lagè pra l eklate nan 2 peyi blan tou pre lafrans.
2 peyi sayo, se litali ak lalmay. Lafrans pra l blije patisipe nan lagè a tou, Sa pra l lakòz bato blan franse pa ka pran lanmè al chèche machandiz nan zile sendomeng.
Alòs, kolon blan nan zile sendomeng vin jwenn okazyon pou yo louvri komès ak lòt peyi etranje, paske gen anpil machandiz.
Lè peyi blan yo ki t ap goumen ant yo fin siyen kontra lapè, blan franse retounen anpeche komès la kontinye ant zile sendomeng ak lòt peyi letranje.
Kolon blan yo pa dakò, yo tanmen voye pye tout bon, paske enterè yo menase.
Lide endepandans la ap fè wout li nan tèt kolon blan franse ki nan zile sendomeng.
Men lè nou di lendepandans, nou pa vledi endepandans ou byen libète pou ti èsklav nèg nwè. Nan tèt kolon blan franse, libète ou byen endepandans te baze sou enterè blan k ap viv nan zile sendomeng kont enterè blan k ap viv nan peyi lafrans. Enpi enterè sayo pou yo kontinye egziste, fòk gen èsklav nèg, fòk gen èsklavaj.
Men, puiske blan yo ap pale de yon fòm libète, puiske blan yo ap pale de yon fòm endepandans, enben li vin nòmal pou kategori sosyal afranchi a konprann libète ak lendepandans la yon jan tou, li vin nòmal pou mas èsklav la tanmen reflechi tou, sou yon fòm libète, sou yon fòm endepandans ki pa p menm jan ak sa ki nan tèt blan yo.
Se konsa, pi gran lagè pou lendepandans nèg nwè pra l tanmen, se konsa pi gwo batay pou liberasyon pèp nwè sendomeng, pi gwo mouvman pou kase chenn lèsklavaj pèp nwè peyi dayiti pra l deklanche.
Radyo Atlantik di ayibobo pou tout moun ki t ap koute emisyon listwa dayiti, ak tout sila yo ki li tèks listwa dayiti.
Si yon pèp pa konnen pase li, si yon pèp pa konnen listwa li, enben pèp sa a kondane pou li reviv menm listwa sa ankò ; sou menm fòm lan ou byen sou yon lòt fòm .
Ti moun yo, gran moun yo dwe konnen listwa peyi yo. Se pou sa, nou mande wou menm ki koute ou byen ki li listwa dayiti jodi a, pou w envite lòt moun fè konesans ak listwa dayiti sou sit ATLANTIK la. |