Istwa Dayiti
 
CHAPIT I :  PEYI  DAYITI, YON PARADI PEPLE AK ENDYEN

Dèfen Jisten Lerison, yon gran ekriven ayisyen te ekri: “Nan peyi dayiti, tout bagay ki enposib parèt posib, enpi tout sa ki posib parèt enposib”. Si w sonje sa byen, ou p ap janm sezi douvan anyen nan listwa peyi dayiti.

Soti nan pwent oksidantal ki di donk nan pwent lwès peyi Kiba pou rive nan ti zile Awouba ki nan vwazinay lak Marakayibo, parabòl Antiyèz la  lonje kò l sou plis pase 4500 kilomèt.

Espas sa ki gen plis pase yon milye ti bout miyèt tè, genyen ladan l, 2 achipèl : Gran Antiy yo nan nò, ki gwoupe zile peyi Kiba,  Ayiti, Jamayik, Pòto Riko, Ti Antiy yo nan lès, ak yon pati oryantal ki genyen : Gwadloup, Matinik, enpi yon lòt zèl oksidantal pi ba ki genyen : Bonè, Kiraso.

Sipèfisi gran antiy yo, soti nan nò achipèl 700 zile Bahamas yo, reprezante 89% tout antiy yo ak 88% popilasyon rejyon an. Peyi dayiti, se dezyèm pi gran antiy yo. Li gen do l kole nan oseyan pasifik la, anfas kontinan lewòp ak lafrik. Li ankadre ak 2 amerik yo : Amerik nan nò ak amerik nan sid , Ayiti twouve l nan mitan.

Fòm zile peyi dayiti fèt tankou djòl yon gwo kwokodil ou byen kayiman, ak yon gran gòlf ki se zile la Gonav, ki konsidere tankou yon lang andedan 2 gwo machwè. Prèskil nò ak prèskil sid, se 2 machwè yo.

Gran tankou 2 fwa peyi Bèljik, zile Ayiti divize an 2 eta : Repiblik Dayiti ak Repiblik Dominikèn. Pa gen okenn fwontyè nan mond lan, kote limit etnik, rasyal ak kiltirèl yo pi diferan pase fwontyè ant Repiblik Dayiti ak Repiblik Dominikèn. Yon bò repiblik nwa peyi dayiti kouvri yon tyè oksidantal zile a, ki pran rasin li nan kilti afriken, ewopeyen ak endyen
Yon lòt bò, Repiblik Dominikèn okipe rès 2 tyè oryantal la, kote popilasyon an plis revandike orijin ewopeyèn, panyòl li, malgre genyen anpil metisaj ki di donk san mele afriken endyen.

Nan chapit sa, se sou Repiblik Dayiti sèlman nou pral pale

Peyi Dayiti, se yon zile, men se yon veritab paradi sou latè ak chalè dous, yonn pami tout zile yo ki gen yon kouvèti vejetal ekstraòdinè ki di donk yon peyizaj san parèy ak bèl lanmè, bèl plaj, bon van fre lajounen tankou lannuit. Wi, peyi dayiti se pi bèl zile, se pi bèl peyi sou latè.

Èske se bèlte peyizaj li yo, mak fabrik etranje l k ap fè moun fè rèv je klè ?

Èske se pa plis koulè ki fè moun pèdi lòlòj yo sou lavi li chak jou nan zile a kote mit vodou l yo ansanm ak ritm seremoni l yo boulvèse vant zile a ak kout tanbou denpi soti douvan jou, jouk rive lannuit, kote lespri lwa ginen yo ap tann envitasyon bòkò, manbo yo pou mete tout moun sou anbyans ? Ou byen èske se mak fabrik li, ki se melanj 2 orizon etranje ki soti lwen : yonn ki soti nan kèk peyi ewopeyen, lòt la kii soti nan zantray kontinan lafrik, ki vin tabli sou yon tè vyèj ?

Èske se kilti tou nèf li a, ki se yon melanj ant sivilizasyon endyen, sivilizasyon ewopeyen ak tradisyon afrikèn yo ?  Èske se fidelite fondalnatal prèske relijye nan kwayans, nan koutim ak nan sikonstans ke l te pran nesans anvan l te nanchon ki fè peyi dayiti tounen yon peyi reyèl, vivan, vibran ?

Èske pèp ayisyen an, se lakòz soufrans li, ki fè l toujou prèt pou l envante divès fòm rezistans ak divès mwayen ekspresyon ?

Èske anfen, se listwa mouvmante zile peyi dayiti, ki lakòz pèp ayisyen an ap sibi divès kalite kalamite ?
Konkèt lendepandans tè ayisyèn lan gras ak fòs kouray esklav yo ak batay rezistans pandan 3 syèk (300 lanne) anfas kolon blan franse, se viktwa sou defi wa Napoleyon Bonapat te lanse, enpi, pèp ayisyen te reyisi leve defi a.
Bèl Sitadèl wa Anri Kristòf te konstri pou reziste anfas franse yo, ki konte pami pi gran mèvèy nan lemond antye ak anpil lòt bèl zèv ankò, èske se listwa sa ki fè ògèy pèp ayisyen an ?

Èske se tout viktwa sa yo ki fè fyète ak diyite pèp ayisyen an ?

Listwa sa, se trezò kache peyi dayiti, paske se pa an kilomèt kare, ni an dola vèt, vrè richès sa kapab eksprime. Se sa ki fè zile sa a, se yonn nan premye nanchon nèg nan emisfè a. Se nan paj listwa l pou chèche konnen l.
Listwa ki ekri, relate plizyè fè remakab ak zam, yon listwa ki ekri ak gout syè ak gout san. Yon listwa mouvmante ki pral gen enfliyans sou tout rejim politik ki pase nan peyi dayiti.

Men, peyi dayiti pral peye byen chè, repitasyon l kòm pèp envensib.

Ayiti jounen jodi, se yon zile ki gen sikatris pase sou tout po kò l, sikatris tout zak vyolans pèp la sibi. Pèp ayisyen an vin pa gen okenn koudeta, okenn diktati, okenn okipasyon, pèsekisyon ki kapab siprann li, lè n ap gade dèsten trajik pèp sa.

Peyi dayiti se yon defi pèmanan pou bon sans, pou jistis ak pèdi-chèche nan jwèt ant la vi ak lanmò.

Sepandan, san revòlt pèmanan sayo, san lese frape sa yo, pèp ayisyen an t ap dispèse tankou grenn sab larivyè charye. Pèp sa ki gen zansèt li ki soti nan peyi lafrik ki vin plante sou yon tè tou nèf, pèp sa pa t ap konnen byen kote l soti, kiyès li ye ak ki kote l prale san lit sayo, ki pandan plizyè syèk simante yon idantite fondalnatal kote ni depòtasyon, ni kout raso, kout rigwaz, ni grangou, ni desèpsyon p ap janm ka efase nan tèt li ; yon listwa vivan pou tout jenerasyon k ap vini.

Peyi dayiti, se yon sansasyon fizik, yon eksperyans, yon emosyon pwofond, vivan, yon tè ki gen tanperaman.

 Nan ki peryòd listwa peyi dayiti kòmanse?

Pi ansyen abitan yo sou zile a, nou konnen yo t ap viv nan distri Pòdpè. Yo te rele yo Siboney. Save yo sipoze yo te soti nan zòn ki rele konnyè a amerik di nò. Lè sa, zile a te yon veritab paradi sou latè, Siboney yo te jwenn bon jan kote pezib pou yo rete ak anpil frui pou yo manje, san yo pa t nan fòse pou keyi ; yo t ap viv nan zile a san kè sote.

Lòt gwoup moun ki te premye vin jwenn siboney yo se te Arawaks yo. Yo te soti nan sid amerik la, kote nou jwenn Venezyela ak Kolonbi ; yo te rele yo Tayinos. Listwa rapòte, yo te kout, yo te gen vizaj laj ak nen plat, cheve nwa trè long rive sou do yo.

Yo te konn tenn kò yo ak woukou, sa ki bay po kò yo koulè wouj. Denpi nan nesans yo, paran yo plati fwon yo ak bandlèt yon fason pou bay kra-n ti moun yo fòm long ki konstitiye mak bèlte yo. Yo te konn pratike agrikilti, la chas, la pèch, yo te konn gade chyen ki bon chasè. Men, nan moman yo pa jwenn jibye, se chyen yo te konn manje kòm vyann.
Yo te konn kuit manje yo sou dife nan veso ki fèt ak tè kuit tankou potri. Yon lòt bò, yo te konn manje pen sereyal, yanm, patat enpi yo te konn bwè gran kantite chika ki se yon byè yo fè ak mayi.

Tayinos yo t ap viv nan kèk vilaj kote nou te kapab konte plizyè milye abitan nan vilaj sa yo. Joupa te fèt tou won, byen laj ; yo te konstri kay yo ak wozo. Pou moun ki gen wòl dirijan tankou kasik yo, chèf gwoup yo, te genyen kay ki gen fòm rèktangilè ak galri ki rezève pou yo. Yo te envante yon kalite jwèt boul yo te rele batòs, kote 2 gwoup t ap fè match, enpi objèktif chak gwoup sa yo se make pi plis pwen ak yon balon ki fèt ak matyè porez, byen fay. Yo te konn sèvi ak tèt, anch, senti, jenou ak koud pou jwe balon an.

Santiman relijye te pran yon plas enpòtan nan ekzistans tayinos yo, ki te kwè moun, lòm posede yon nanm endividyèl ki apre lanmò t ap kite kò a pou l rann li nan yon zile ki rele kowayibe, kote nanm sa ta pral rejwenn lòt.

Zile a te divize fè 5 wayòm tayinos yo te rele Kasika. Chak kasika yo t ap gouvènen ak yon souvren ki te rele Kasik. Chak kasika divize an pwovens ki administre ak Nitaynos ki te anba lòd kasik yo. Ansanm nitaynos yo te konpoze konsèy kasik la ki dispoze pouvwa absoli sou byen ak lavi tout moun nan kasika a.

Nitaynos yo te konn peye yon taks ou byen enpo ou byen kontribisyon bay kasik la sou fòm poud lò ou byen tabak ou byen koton.

Arawaks yo, se te yon pèp pezib ki pa t gen tanperaman fè lagè. Tanperaman sa pral lakòz disparisyon gwoup endyen sa a, paske anba raje nan forè Amazoni ak nan zòn Giya-n, yon lòt gwoup endyen ki rele karayib pral debake nan gran kannòt ak anpil zam lagè.

Tayinos yo pral viktim paske yo te pasifik, yo pat prepare lagè; se premye gout san moun ki koule denpi premye dat nan kalandriye zile sa. Lè sa a, nou nan finisman kenzyèm syèk la, kididonk finisman lanne 1480 yo. Karayib yo te kapab konsidere tankou premye “imigre” kidonk premye “moun vini” nan zile peyi dayiti.

Karayib yo te masakre moun san pitye, yo te gen labitid manje vyann moun, se pat pou gou vyann lan , men tou senpman pou akonpli yon rit sakre selon kwayans yo.

Pou fanm yo, yo te fòse yo san konsantman, san seremoni pou yo vin tounen madanm anvayisè karayib yo.

Kominikasyon an te rete limite ant yo puiske andeyò nesans premye metis yo kididonk san mele yo nan zile a, yo chak te konsève lang yo: idyòm arawaks, tayinos pou fanm yo, dyalèk karayib pou gason yo. Arawaks yo te deziyen karayib yo sou non kaniba. Se apati mo kaniba a, vin gen yon lòt mo : kanibal, ki vle di moun ki manje vyann moun parèy yo.

Karayib yo ki vin mèt zile a te divize an 2 klan : Pi sovaj yo te enstale nan nòdès. Karayib “arawakize” yo te adopte abitid tayinos yo, yo te tabli kò yo nan sidès ak nan sant zile a.

Sa pa gen lontan, save nan peyi dayiti te dekouvri nan zòn kankòk, nan depatman nò a, yon moniman byen fon anba tè ki temwaye sou masak tayinos yo te sibi anba men karayib yo.

Aborijèn yo ki te panse zile a reprezante lemond antye, te bay li non kiskeya ki vle di nan langaj yo “lavi dous” ou byen “gran tè” ou byen “Boyo”, se non yo bay pati oksidantal zile a. Menm jan, mo “Ayiti” te sèvi pou deziyen yon divizyon tèritoryal.

Nou kapab di, genyen 2 siyifikasyon poetik pou Ayiti: “Hahiti” konpoze avèk “Ha” ki vle di flè, “Hi” ki vle di gran enpi “ti” ki vle zòn ou byen tèritwa. Tout sa vle di tèritwa gran tè. Lòt siyifikasyon ankò se: “Hayti” ki konpoze ak “Hay” ki vledi zile ak “Tihui” ki vle di montay, alòs sa vle di, zile montanyez.

An reyalite, abitan zile a te plis enterese pou deziye peyi a, men se pat pou bay pèp la yon non. Ak ki sa, sa t ap sèvi, paske yo te kwè yo pèdi nan lanmè, yo te panse se yo menm sèl kòm pèp ki egziste sou latè.

Yon maten nan lanne 1492 nan reny kretyen an, debakman anvayisè etranje pral boulvèse lavi endyen yo ; zile a pral chanje non, pou l rele Sipangu, lè etranje sa yo t ap chèche dekouvrj peyi Japon dapre dèskripsyon yon navigatè ki te rele Mako Polo. Zile a pral kontinye chanje non, pou l rele Ispanyola, anfen Sendomeng.

Pòt paradi a te fèmen britsoukou nan figi endyen yo, pou louvri tou dousman yon pòt ak blan ki soti nan yon lòt mond.
Paradi endyen pral tounen lanfè…….

Radyo Atlantik di ayibobo pou tout moun ki t ap koute emisyon listwa dayiti, ak tout sila yo ki li tèks listwa dayiti.
Si yon pèp pa konnen pase li, si yon pèp pa konnen listwa li, enben pèp sa a kondane pou li reviv menm pase, menm listwa sa ankò, sou menm fòm lan ou byen sou yon lòt fòm .

Ti moun yo, gran moun yo dwe konnen listwa peyi yo. Se pou sa, nou mande wou menm ki koute ou byen ki li listwa dayiti jodi a pou w envite lòt moun fè konesans ak listwa dayiti sou sit ATLANTIK la.

Paradi endyen pral tounen lanfè.

 

 

Moso listwa Dayiti