Istwa Dayiti
 
Peryòd : ...1492 - ?

Savalouwe pou tout moun k ap koute emisyon listwa dayiti sou Radyo Atlantik, ak pou tout moun ki vizite ribrik listwa dayiti sou sit atlantik la.

Plizyè moun rakonte listwa peyi dayiti. Chak moun sa yo rakonte listwa dayiti selon vizyon pa yo, selon objèktif klas yo ladan l, ak selon gwoup moun yo chwazi defann enterè l.

Pami tout moun sa yo ki rakonte listwa dayiti, gen nan yo ki pa di ase, paske yo pè di la verite, gen nan yo tou ki fè anpil manti. Sa lakòz vin gen plizyè kalite listwa dayiti k ap sikile apwopo peyi dayiti.

Sit Atlantik la deside prezante yon lòt fòm listwa dayiti nan zòrèy ak douvan je tout moun ki konnen deja, nan zòrèy ak douvan je tout moun ki te mal aprann listwa peyi nou, ak nan zòrèy tout moun ki pa t gen chans konnen listwa peyi dayiti, paske yo pa konn li, yo pa konn ekri.

Se vre, se yon lòt kout bagèt sou listwa peyi dayiti.

CHAPIT I :  PEYI DAYITI, YON PARADI PEPLE AK ENDYEN
Dèfen Jisten Lerison, yon gran ekriven ayisyen te ekri: “Nan peyi dayiti, tout bagay ki enposib parèt posib, enpi tout sa ki posib parèt enposib”. Si w sonje sa byen, ou p ap janm sezi douvan anyen nan listwa peyi dayiti.

CHAPIT II :  DEKOUVÈT PEYI DAYITI ? OU BYEN NESANS LISTWA PEYI DAYITI ?
6 Desanm 1492 : se dat kòf trezò zile peyi dayiti premye kraze, kote eskanmotè blan panyòl debake an chango pou vin dechèpiye lò ki blayi nan tout mòn, nan tout rivyè, tout ti kannal ki genyen nan zile a ; se dat tou, ki make peryòd kote anpil san endyen pral koule.

CHAPIT III :  KRISTÒF KOLON FOUYAPÒT
Nan kenzyèm syèk la, ki didonk nan lane 1400 yo, peyi Lèspay te bezwen anpil zepis ak anpil lò; bagay panyòl yo pa t genyen lakay yo.

CHAPIT IV :  KALAMITE KRISTÒF KOLON ANVAN PREMYE GRAN VWAYAJ LA
Anvan Kristòf Kolon deside kòmanse òganize gran vwayaj li a, li pa t sispann ranmase enfòmasyon.

CHAPIT V :  KRISTÒF KOLON DEBAKE POU PREMYE FWA NAN ZILE AYITI
Kristòf Kolon jwenn benediksyon wa ak larèn peyi lespay pou l antreprann gran vwayaj trans-atlantik la, ki pral boulvèse listwa limanite.

CHAPIT VI :  KASIK KAWONABO DETRI BAZ MILITÈ PANYÒL YO, FÒ LANATIVITE
Piyay nan zile ki pral pote non zile peyi dayiti, tanmen nan kondisyon malonèt kote dwa moun, dwa endijèn yo pa rèspèkte.

CHAPIT VII :  BLAN PANYÒL NWAYE KAWONABO NAN LANMÈ, YO PANDYE LARÈN ANAKAWONA, YO SAZINEN KOTIBANAMA. DAT 5 DESANM, SE DAT LAWONT
Anfas zak piyay, vyòl ak gaspiyay richès zile peyi dayiti,anfas imilyasyon pèp endyen an, rezistans endijèn lan pral òganize ak alatèt rezistans sa a, yon vanyan rebèl karayib ki rele kasik KAWONABO.

CHAPIT VIII :  FLIBISTYE-BOUKANYE AK BLAN MANNAN
Nan emisyon listwa dayiti ki pase deja, nou te wè kòman blan panyòl debake, yo vòlè, yo vyole enpi yo òganize lesklavaj, apre yo te fin touye tout chèf rezistans endyen yo.

CHAPIT IX :  BATO NEGRIYE AK PREMYE ÈSKLAV NWA
Nan emisyon listwa dayiti ki pase deja nou te eksplike kòman blan panyòl te tanmen mete kanpe èstrikti pou òganize sistèm lesklavaj nan peyi dayiti.

CHAPIT X :  LIDE LENDEPANDANS AP JÈMEN NAN 3 KATEGORI SOSYAL ZILE SENDOMENG : BLAN-AFRANCHI-MAS ÈSKLAV
Endyen yo, premye abitan ki te rete nan zile peyi dayiti, yo t ap viv nan lapè jiskaske yon zenglendo ki rele Kristòf kolon debake ak yon bann sanginè  panyòl pou yo vin detri ras endyen an.

CHAPIT XI :  MEKANISM KREYASYON LIDE REVOLISYON MAS ÈSKLAV NWA A. MAWONAJ LA TANMEN
Blan panyòl te plante lèsklavaj nan zile Ispanyola.

Lè blan franse fin bay blan panyòl pakala, yo chanje non zile a, yo vin rele l sendomeng.

Men, kit yo te rele l Ispanyola, kit yo te rele l sendomeng, se menm zile sa a nou pra l rele peyi dayiti.

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

Moso listwa Dayiti