Peyi Dayiti chanpyon konkakaf
Peyi dayiti kalifye pou chanpyona foutbòl mondyal U-17. Ekip ayisyèn lan reyisi eksplwa kalifye pou premye fwa nan listwa li pou chanpyona mondyal U-17, enpi ayisyen yo rive chanpyon KONKAKAF ( Asosyasyon Foutbòl Konfederasyon amerikdinò, amerik santral ak karayib). Peyi dayiti rive vannen peyi salvadò nan match final, sou yon eskò 3 gòl a zewo (2 gòl a zewo nan finisman premye mitan an), nan estad nasyonal Tegisigalpa, kapital peyi Ondiras, jou dimanch 8 avril 2007 la, nan kad kadriangilè ki konte pou pre-mondyal la.
Jwè ayisyen yo ki te pote inifòm ble ak wouj la te patisipe nan eliminasyon ekip ki te gen tit chanpyon an, peyi meksik, rive imilye peyi salvadò. Aktè yo ki te make gòl yo, se : Valdo Nòmil (38 minit), Ewòl Chal Jinyò (42 minit), Jan Fransis Fabyen Vòb (63 minit), ki klase meyè jwè tounwa a.
Selèksyon nasyonal la deja ap chofe pou l prepare mondyal la k ap fèt nan peyi Koredisid soti 18 dawou pou rive 9 septanm 2007. Peyi dayiti rive klase chanpyon ak yon total 5 pwen. Yon match nil ak Ondiras (1-1), ki se peyi òganizatè, ; yon match nil (0-0) ak peyi meksik, enpi ayiti kale (3-0) peyi salvadò, anba lapli, douvan plis pase 60 mil espektatè.
Se dezyèm fwa nan listwa yo, ekip peyi salvadò ak peyi dayiti rankontre nan faz final koup di mond. Premye fwa a, se nan lane 1973, pre-mondyal, ak potorik foutbolè ayisyen nou p ap janm bliye, tankou Manno Sanon, Filip Vòb, Janklod Dezi, alyas Tom Pous, Anri Fransiyon, Pyè Bayòn…
Apre Antwa n Tasi, alyas Zoupim ki te mennen yon selèksyon ayisyèn nan mondyal nan lane 1974, se kounyè a, yon vanyan antrenè ayisyen, Jan Iv Filojèn Labaz, ki rive reyisi pari a.
Nan okazyon chanpyona sa a, peyi dayiti rive klase tankou peyi nan rejyon an ki genyen meyè atak, ak meyè defans, paske l make 4 gòl enpi l resevwa yon sèl gòl. Nan 2 tou anvan eliminatwa yo, peyi dayiti te kale divès peyi, tankou, zile kayiman, sen maten, trinidad ak tobago, lababad, sirinam
Viktwa sa konfime retou foutbòl ayisyen an, nan premye plan nan rejyon an, apre bèl rezilta foutbolè senyò yo ki te sakre chanpyon karayib la, nan mwa janvye 2007 la, enpi kalifye pou koup dò 2007.
Ewo ayisyen yo ta dwe rantre nan peyi dayiti jou madi 10 avril 2007 la!
Jwè ki te konstitiye ekip ayisyèn lan, se: Chèlson Dòleyan, Mechak Jewòm, Petèson Derivyè, Telisma Pyè, Samyèl Alsine, Iltègens Senviktò, Vityelo Janjak, Valdo Nòmil, Jan Fransis Fabyen Vòb, Jinyò Jozèf, Ewòl Chal Jinyò.
Ayiti, se premye peyi kalifye pou chanpyona mondyal koredisid la. Etan done rejyon KONKAKAF la benefisye 5 plas, lòt 3 reprezantan yo pral detèminen nan yon tounwa final gwoup B ki gen pou dewoule soti nan dat 18 pou rive 26 avril 2007 nan vil kingston, ki se kapital peyi jamayik. Peyi yo ki pral debouye yo pou yo jwenn plas apre peyi dayiti, se: Jamayik, Trinidad-Tobago, Etazini, Kanada, Kòsta-Rika.
Jounalis èspòtif radyo atlantik di ayibobo pou foutbolè anbasadè peyi dayiti yo ki fè fyète peyi dayiti. Yon lòt fwa ankò, drapo foutbòl ayisyen an rive ise, flote pi wo pase tout lòt nanchon nan peyi letranje. Ayibobo pou wou foutbolè ayisyen. Gout syè w vèse sou teren nan peyi letranje yo, se pou ranfòse diyite nou tout ayisyen… Mèsi anpil. |