Dispansè doktè W. Polikap, nan galman dipla katyemoren, osèvis popilasyon an denpi nan mwa me 1987. Moun tout kote vin chèche swen nan dispansè a: moun depatman nò, nòdès, nòdwès, latibonit, nan sid, nan zile yo..
Denpi nan mwa janvye 1994, direksyon dispansè a te deside fè plis jefò nan domèn medsin prevantiv, sitou edikasyon pou anpeche maladi gaye nan mitan popilasyon an.
Nou konstate, nan peyi dayiti, pa gen enstitisyon ki konsakre ase tan pou fè edikasyon popilasyon an nan domèn sante. Kèk emisyon radyo ou byen kèk emisyon televizyon, yo pa adapte ak reyalite mas popilè yo. Souvan, emisyon sa yo fèt pou gwo save ki deja travayè sante, ki kapab konprann gwo mo medikal k ap repete.
Anplis, endikatè sante yo, se egzanp vivan ki merite refleksyon sou eta sante popilasyon an.
Nan lane 1994, to mòtalite matènèl, kivledi kantite manman pitit ki mouri nan akouchman nan move kondisyon, te atenn chif 4,6 pou 1000 nesans, kivledi, sou chak 1000 ti bebe ki fèt vivan, plis pase 4 manman ti bebe sa yo mouri akòz yo pa jwenn swen.
Sou chak 1000 ti moun ki fèt vivan, plis pase 74 nan yo mouri anvan yo gen laj yon lane. Lòt to endikatè enpòtan ankò, toujou nan lane 1994, sou chak 1000 nenpòt moun nan popilasyon an, plis pase 12 nan yo mouri nan move kondisyon.
Nan lane 1999, ki se lane fondasyon radyo atlantik, pifò moun pa depase laj 54 lane, yo gentan mouri. Anplis, pou chak 100 mil ayisyen, se sèlman 14 doktè ki disponib. Nan peyi dayiti, nou konte apeprè 336 dispansè, 83 sant sante, 83 lopital. Sa pa ase.
Pa gen ase lekòl pou fòme travayè sante kòrèk.
Anfas degradasyon eta sante popilasyon an, nou panse leta ayisyen dwe fè plis jefò nan kad medsin prevantiv primè, sitou anpil edikasyon sanitè, paske nou pa gen anpil mwayen materyèl ni ase travayè sante.
Nan sans sa a, dispansè doktè W. Polikap dispoze pote paatisipasyon l. Se pou sa, denpi nan mwa janvye 1994, dispansè a mete kanpe yon seksyon fòmasyon medikal gratis, SEFÒM, ki bay fòmasyon sou pwoblèm nou pi souvan rankontre nan kominote a, tankou: malarya, tifoyid, gonore (blenoraji), sifilis, alètman matènèl, prekosyon pou fanm ansent, tansyon ateryèl, planifikasyon familyal, dyabèt, dyare, anemi, opresyon, epilepsi, eklanpsi, kwachyòkò, chabon (antraks), ijyèn dlo, asid ak ilsè gastrodiyodenal, anemi falsifòm, pèdisyon, sida, obezite, fibròm iteris, menopoz, trikomonyaz irojenital, klamidyaz, filaryoz, kapòt; sou maladi epidemik ki soti nan peyi letranje, tankou: nemopati atipik (sendrom respiratwa egi sevè), ansefalopati esponjifòm bovin; sou renmèd fèy kont anpil maladi, ak plizyè sijè refleksyon.
Mwayen dispansè a itilize pou l gaye konesans medikal gratis nan mitan popilasyon an, se deplasman fòmatè sefòm atravè tout andeyò ak nan katye popilè vil yo. Fòmatè sefòm yo, se travayè sante ki fòme gratis nan dispansè a.
Anplis, dispansè a te konn pibliye yon bilten enfòmasyon medikal, yon ti jounal gratis an kreyòl, ki rele “MALADI”. |