PWOPOZISYON PATI MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN (M.R.A.) POU KONBLE VAKANS PREZIDANSYÈL LA PDF Imprimer Email
Écrit par Radio Atlantik   
Mercredi, 17 Octobre 2012 21:54

 

Direksyon Pati Mouvman Revolisyonè Ayisyen (M.R.A)  di ayibobo pou tout popilasyon depatman Nò ak Nòdès, ak militan politik lòt depatman,  ki deside pilonnen beton an nan mitan vil okap, pou reklame dechoukay Michèl Mateli, yon sitwayen meriken ki fofile kò l pou l chita sou  fotèy boure palè nasyonal  ak tit prezidan, alòske manman lwa peyi dayiti pa pèmèt okenn etranje vin dirije peyi Papa Desalin lan. Prensipal modòd manifèstan yo, se deboulonnay Mateli pou l jije, enpi kondane pou tout manti li bay pèp ayisyen an, pou vòl, kòripsyon, pou fo paspò li fè sou non l kòmkwa se ayisyen l ye, pou dekòstonbre li dekòstonbre tout enstitisyon nan peyi a, pou kay malere li kraze nan  katye popilè, pou planifikasyon l fè pou l kraze kay malere malerèz nan vil okap, pou lavichè ak ensekirite li kwaze sou kòtòf lèstomak pèp ayisyen an. Si Mateli pa ta gentan chape pou l li, retounen nan peyi l , peyi etazini, tribinal Ot kou jistis nan sena ayisyen an dwe prepare pou jije l, apre chanm depite a fin mete kòd akizasyon trayizon nan kou l, selon atik 185 ak atik 186 manman lwa peyi dayiti.

Pou konnyè a, se mobilizasyon manch long jiskaske Mateli dechouke. Etan done Mateli, sitwayen etranje, te pibliye plizyè lwa ak desizyon illegal, enkonstitisyonèl, tout lwa ak tout desizyon silayo anile dofis. Michèl Mateli gen posiblite kite peyi a, chape pou l li, ou byen l  rantre dèyè bawo prizon. Nan ka vakans prezidansyèl la, Pati Mouvman Revolisyonè Ayisyen M.R.A. fè pwopozisyon silayo:

 

1-   Aplikasyon atik 149 konstitisyon 29 mas 1987 la, nan tout entegralite l ki  di konsa: Sizanka plas prezidan an vin vid, pou nenpòt ki rezon, se prezidan tribinal  kasasyon an ki monte prezidan pwovizwa repiblik la. Si plas prezidan tribinal kasasyon an vid, se vis-prezidan tribinal kasasyon an ki monte. Si plas vis-prezidan an vid, se jij ki pi ansyen an kòm jij tribinal kasasyon an ki monte. Asanble nasyonal la enstale prezidan pwovizwa a nan plas li, jan lalwa di sa dwe fèt. Jan sa ekri nan konstitisyon an, ak lwa elèktoral la, vòt pou elèksyon yon nouvo prezidan, ki va gen yon manda 5 lane, dwe reyalize 45 jou, pou pi ta, apre plas prezidan an vin vid.

 

2-   Abwogasyon Konstitisyon 1987 amande a, paske piblikasyon l te fèt nan total konfizyon ak ilegalite

 

3-   Revokasyon 3 jij lakou kasasyon yo Mateli te nonmen ilegalman: Anèl Alèksi Jozèf, Kesnè Michèl Tèmezi ak Frantzi Filemon, paske Anèl Alèksi Jozèf gen plis pase 65 rekòt kafe sou tèt li, kontrèman ak atik 28 lwa 27 novanm 2007 sou estati majistrati a, ki pa pèmèt yon sitwayen ayisyen gen non l figire sou lis nominasyon pou pòs jij nan lakou kasasyon, si l gen laj plis pase 65 lane. Anplis Mouche Kesnè Michèl Tèmezi ak Frantzi Filemon, pat janm gen non yo figire nan lis Senatè yo te voye bay Mateli pou chwazi yo kòm jij nan lakou kasasyon. Yo rive fofile gras ak konplisite ansyen Senatè Youri Latòti ak prezidan Sena ayisyen an.

 

4-   Nominasyon 3 nouvo jij nan lakou kasasyon selon atik 175 manman lwa peyi a, ki reklame se prezidan repiblik la ki nonmen jij tribinal kasasyon yo, sou yon lis twa (3) non, lachanm Senatè yo prezante  l pou chak plas jij….

 

5-   Nominasyon prezidan tribinal kasasyon an

 

6-    Re-enstale manb Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè (K.S.P.J.) a, apre konpletay li ak nouvo prezidan lakou kasasyon an.

 

7-   Revokasyon arete ki te nonmen ilegalman 6 manb Konsèy Elèktoral Prezidansyèl yo, paske atik 289 ak atik 192 manman lwa peyi a pa prevwa piblikasyon arete nominasyon pasyèl manb Konsèy Elèktoral Pwovizwa ou byen Pèmanan

 

8-   Mete kanpe yon Konsèy Elèktoral Pwovizwa Espesyal Tèt Ansanm pou òganize elèksyon pou renouvle premye tyè sena a, ak elèksyon pou kolèktivite teritoryal yo….

 

Viktwa final, se pou pèp òganize, se pou pèp mobilize, se pou pèp solidè, ki pa janm sispann batay…… Moun ki sanble,  se yo ki rasanble….

 

Pati Mouvman Revolisyonè Ayisyen (M.R.A.)

 
DEBOULONNEN MATELI ALYAS TI SIMÒN PDF Imprimer Email
Écrit par Radio Atlantik   
Lundi, 15 Octobre 2012 18:36

Anfas zak malonèt Mateli ak tout ekip li ap komèt denpi yo  monte sou pouvwa nan dat 14 me 2011, pèp ayisyen an deside di l bouke. Apre yon lane edmi manda, jis jounen jodi, pèsonn pa ka di ki gwo pwojè, ni ki gwo refòm mouche Mateli tanmen. Li fè tèt li pase pou yon èspesyalis nan inogire nenpòt ti bout kannal, gouvènman anvan yo te deja pwograme. Paske gen yon kriz lidèchip anndan peyi a, raketè, anganman, magouyè tout kalite panse yo ka kontinye vin pran woulib sou do pèp souvren an.

Dirèksyon Pati Mouvman Revolisyonè Ayisyen, M.R.A. sezi tande genyen blòk opozisyon ki gentan mete kanpe pou vin ranmase kapital politik sou mobilizasyon pèp vanyan an. Ki sa blòk opozisyon vledi? Enpi Opozisyon ak ki sa?

Blòk Opozisyon ta vledi dapre yo, se tout moun, tout sektè ki opoze ak fason mouche Mateli ap mennen bak peyi a. Sepandan, moun silayo ki reklame tèt yo nan lopozisyon ak Mateli jodi, se moun ki pa jwenn nan pouvwa Mateli a, y ap pyafe pou Mateli tande vwa yo. Anplis, ayè yo te ansanm ak Mateli pou mennen politik anti-pèp, nan trennen mas la nan tout kalite move direksyon. Pèp ayisyen an ki nan lari a jodi a, li pa sèlman opoze ak pouvwa Mateli a, ki se yon pouvwa dechèpiyè, san manman. Pèp la opoze ak tout magouyè ki panse se yo ki pi mèt dam, enpi yo panse pèp sa pa gen memwa….. Anpil nan raketè sayo te trennen pèp la nan lari pou lakòz Minista-vòlè kabrit vin foule tè Papa Desalin lan. Yon lòt fwa ankò moun sayo vle sal lide Desalin yo vle sazinen yon lòt fwa ankò. Swadizan lidè ki fèt ak papye twalèt sayo, ap klèwonnen di yo menm se demokrat, Mateli dwe pase 5 lane manda l la sou pouvwa. N ap raple magouyè yo, yo pat gen menm diskou sa lè yo te patisipe nan dechoukay prezidan Aristid, ak tantativ pou dechouke prezidan Preval. Anplis, tout moun konstate Mateli, pa konnen ni l pa respèkte prensip demokrasi, paske nan ti bout tan manda li fè sou pouvwa, li kraze tout enstitisyon leta, li fè tout sa li kapab pou l mete palman an ajnou, li demantibile aparèy jidisyè a ak fo jij ti-landeng nan lakou kasasyon, li derèspekte atik manman lwa peyi a pandan l  konstitiye yon Konsèy Elèktoral Prezidansyèl ak 6 manb ki soti nan Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè a (K.S.P.J.) ak 3 manb ki soti nan palè nasyonal,  pou fè 9 manb. Si yon prezidan ki gen manda konstitisyonèl 5 lane pa  respekte okenn angajman l te pran pandan kanpay elèktoral li, si l pa pwouve okenn kapasite pou l satisfè revandikasyon popilasyon an,  otomatikman prezidan sila pèdi tout lejitimite l, li dwe deboulonnen.

Mateli ap fè vyolans sou pèp ayisyen an, lè  politik li a lakòz plizyè malere malerèz ap mouri grangou, yo pa ka voye pitit yo lekòl, yo kraze kay malere nan katye popilè… Fòk Mateli jwenn repons solid. Solisyon an se dechoukay Mateli, se deboulonnay Mateli-tèt san kò.

Nan sans sa, dirèksyon Pati Mouvman Revolisyonè Ayisyen, M.R.A., kontinye  apiye tout mobilizasyon ki vize dekapote Mateli-tèt san kò, pandan pèp la dwe rete veyatif parapò ak tout lidè bout mamit, tout move zangi, ki resevwa kòb pou yo devye lit la, pou yo kraze volonte pèp vanyan an ki deja rive pi lwen nan revandikasyon yo, parapò silayo ki pentire zèl yo an pèp. Modòd yo byen klè: Mateli pa ka rezoud pwoblèm grangou, li pa ka rezoud pwoblèm lekòl gratis la, li pa ka rezoud pwoblèm lanmizè ak lavichè a, li pa ka rezoud pwoblèm ensekirite ak kòripsyon an. Mateli dwe deboulonnen. Madanm ak pitit Mateli, tout ti zanmi Mateli ap dechèpiye kès leta, san pitye.. Plis li rete sou pouvwa, plis peyi a ap vin pi pòv. Mateli dwe dechouke. Toutotan Mateli pa retounen nan peyi l, peyi etazini, mobilizasyon an dwe vin pi djanm. Si pèp la ka gentan mete men sou Mateli, pou l jije pou krim trayizon, se yonn nan pi gwo viktwa pèp la t ap ranpòte sou fòs fè nwa yo. Pèp la ka ranpòte laviktwa, paske viktwa final, se pou pèp òganize, se pou pèp mobilize, se pou pèp solidè ki pa janm sispann batay…..Moun ki sanble, se yo ki rasanble….

 
Dapre rimè, Mateli se yon moun fou, ki prèt pou l bay demisyon l PDF Imprimer Email
Écrit par Radio Atlantik   
Vendredi, 12 Octobre 2012 02:02

Eske prezidan Mateli genyen pwoblèm mantal vre, enpi èske prezidan Mateli deja prepare l pou l demisyone ou  byen retounen nan peyi l, peyi etazini?

Denpi apre entèvansyon premye Senatè depatman Nò a, Senatè Polikap, nan radyo ak televizyon pou eksplike konpòtman  Mateli anfas divès kriz nan peyi a, anpil moun ap poze tèt yo kesyon sou kapasite Mateli pou l ta boukle manda l la.

Dapre Senatè Polikap, katchouboumbe ki gen nan Konsèy siperyè Pouvwa jidisyè a (K S P J)  a, se siy yon grav kriz gouvènans ki kapab abouti ak yon depa Mateli. Senatè a fè remake, kit yo fè chwa 3 nouvo manb pou mete nan K EP a,  kivledi dapre li, Konsèy Elèktoral  Prezidansyèl la, kit  lòt 3 manb  KSPJ a te deja nonmen ta derefize demisyone, pwoblèm lan rete antye, puiske vrè  difikilte a, se rive nan finalite a, ki se konplete  K E P  a, paske yo p ap janm ka jwenn legalman, konstitisyonèlman, 3 manb pou reprezante palman ayisyen an nan K E P   a, si yo vle l pote tit Konsèy Elèktoral Pèmanan. Senatè Polikap reklame pou  dilatwa a sispann, pandan tout sektè konsène tankou, pouvwa egzekif la, pouvwa jidisyè a, pa egzanp  KSPJ a,  pouvwa lejislatif la, ak sektè òganize nan popilasyon an, pou yo chita ansanm pou yo rive mete kanpe yon Konsèy Elèktoral Pwovizwa, nan objèktif pou reyalize prese prese, elèksyon onèt ak demokratik nan peyi a. Si   Mateli  ta rete ak lide l byen fiks nan Konsèy Elèktoral Prezidansyèl, tout moun ap konprann  se tan Mateli ap gaspiye pou l rive nan lane 2014 kote   2 tyè manb nan Sena a vin gen manda yo bout, savledi ak 10 Senatè nan Sena a, ki p ap ka pran okenn desizyon, ki p ap ka travay, lè sa Mateli pral gen 2 men l lib pou l kontinye dechèpiyaj kès leta a.

Anfas lavichè a, tout moun dakò ki egziste, popilasyon an deside pilonnen beton an atravè tout teritwa repiblik dayiti. Wòl yon prezidan ki gen tèt dwat, se chèche bonjan solisyon pou rezoud pwoblèm lavichè a, men se pa òganize kont-manifèstasyon pou pwouve li menm tou li ka reyini moun nan lari a. Alòske  tout moun konnen se  gode diri ak 100 goud ekip Mateli a separe bay malere k ap bale lari, ranmase fatra nan pòtoprens yo fòse patisipe nan manifèstasyon. Si yon prezidan  ki dwe gen sans responsablite, se nan pwovokasyon l kwè, nan mande palmantè pou vin kolabore ak li nan kòripsyon, sa pwouve li pa menm konnen wòl palmantè ki se kontwole tout zak gouvènman ak Prezidan an. Savledi tou, prezidan sa gen ti pwoblèm nan fonksyònman mantal li, nan fonksyònman lèspri li. Se yon prezidan ki vin danjere pou nasyon an.

Lòt kesyon ki kontinye ap poze, se kapasite Mateli pou l boukle manda l la. Menm Mateli pa kwè li kapab fin fè 2 lane sou pouvwa. Paske nan okazyon yon rankont Prezidan Mateli genyen ak plizyè pwòch li, Mateli deklare li pare pou l kite pouvwa a, si popilasyon an kontinye ap manifèste, pandan l pa janm di aklè kijan  ki mannyè li pral fè pou l rezoud pwoblèm lavichè a. Mateli pa gen solisyon kriz la. Mateli ale pi lwen nan reflèksyon l pou l di, lè l kite pouvwa a anvan manda l bout,  l ap kite palè nasyonal la, pou l ale lakay li pòtoprens apye. Li p ap monte nan machin, ni nan elikoptè. Li  menm deklare li p ap  pran egzil. Yon lòt fwa ankò, tout moun kapab konprann Mateli sanble gen ti deranjman nan lèspri, paske yon sitwayen k ap retounen nan peyi l, peyi etazini, se pa egzil l ap  pran, puiske l gentan fin ranmase kont lajan nan kès leta peyi dayiti, li menm ak madanm li, ak pitit li yo.

Nan sans sa, nou panse l enpòtan pou popilasyon an ranfòse mobilizasyon an, pou n chèche lòt solisyon anvan grangou ak lanmizè touye nou. Anplis, nou dwe rete veyatif, ak anganman tout koulè ki enfiltre mobilizasyon yo. Pami anganman silayo,  gen nan yo ki  panse  se parèt tèt yo nan manifèstasyon, ou       byen voye-monte nan radyo ki  ka pèmèt Mateli wè yo , pou l bay yo ti djòb ak ti tchotcho, pandan y ap itilize tout  mannèv pou yo detounen batay pèp la k ap reklame satisfaksyon revandikasyon yo. Lè bagay yo ap gate, se grenadye alaso…..

Tout sitwayen ki panse mobilizasyon yo se yon n pami plizyè mwayen pou yo jwenn tout sa yo reklame, nou dwe raple yo, nou tout konsène,  se ka nou tout ki grav. Polisye yo gen devwa pou yo pwoteje manifèstan yo. Polisye ki pa nan sèvis dwe manifèste tou, paske yo menm tou yo nan grangou, yo gen pitit yo pa ka voye lekòl. Yo pa dwe kite gwo zouzoun pòch yo deja plen kòb, ki deja pare malèt yo pou yo sove kite peyi a, al itilize yo pou yo fè represyon.. Paske viktwa final la, se pou pèp òganize, se pou pèp mobilize, se pou pèp solidè ki pa janm sispann batay…..

 
MATELI, SE YON CHYEN SAN DAN PDF Imprimer Email
Écrit par Radio Atlantik   
Mardi, 02 Octobre 2012 04:48

Nan okazyon gwo manifèstasyon ki te fèt nan dat 27 septanm 2012 nan vil okap, modòd te lanse pou manche yon grèv jou lendi premye oktòb 2012 nan dezyèm vil peyi a.

Lè Mateli ak ekip li nan palè nasyonal tande nouvèl sa, yo panike. Yo panike paske yo fè kalkil, si lekòl la pa rive louvri nan vil okap, se pi gwo echèk sa te kapab konstitiye pou yo. Sa t ap vledi wout dechoukay Mateli t ap parèt pi aklè. Dayè, se pou rezon sa Mateli te retade rantre l soti nan peyi Etazini. Menm jan ekip Mateli te fè tout mannèv pou l sabote manifèstasyon pèp la, li te vle fè tantativ pou l bloke grèv ki te lanse a. Men yo remake yo pa ka bloke manifèstasyon, savledi yo rann yo kont yo pa ka bloke grèv la tou. Yo deside blofe, yo fè konprann yo pral simen latwoublay, tire kout boutèy, kout wòch, kraze vit machin, pou yo mete tout konsekans yo sou do òganizatè ofisyèl grèv la. Blòf la reyisi, paske òganizatè grèv la anile modòd grèv la. Sepandan, anilasyon grèv la, se pa yon erè. Okontrè, se yon gan y.

Kalkil nou dwe fè, se ki moun, ki estrikti Mateli genyen nan depatman Nò a ou byen nan peyi a pou l ta kapab swa bloke manifèstasyon, swa bloke grèv? Mateli pat janm gen estrikti, Mateli pat janm gen dan. Nou kapab pwouve sa apati kanaval Mateli te prepare pou menm jou premye oktòb 2012 la, pandan l t ap soti nan peyi etazini pou l rantre nan peyi dayiti. Denpi lavèy Mateli peyi tout band apye nan petyonvil pou yo vin akeyi l. Anplis, Mateli frete tout otobis S M C R S yo ki konn sèvi pou ranmase ti moun lekòl,  li bay chak moun mil goud pou yo prezante nan ayewopò pòtoprens apremidi premye oktòb la. Rezilta, nan kanaval la pat gen plis  pase 100 moun abiye ak inifòm  S M C R S   k ap bale enpi ranmase fatra nan lari,  ak 100 machin nan kòtèj la. Anpil nan anplwaye abiye k ap ranmase fatra nan lari a, reponn nan mikwo jounalis, Mateli fè yo menas, si yo pa prezante vin akeyi l nan ayewopò, y ap pèdi djòb la, enpi yo ka menm pase rès jou yo dèyè bawo prizon ak akizasyon “konplo kont sekirite leta”.  APALIPAPA !!!!!!   Men, Mateli konnen tou, nenpòt derapaj ki fèt, li tou pèdi pouvwa a, paske tout minis ak direktè genyen yon pye deyò ak yon pye anndan pouvwa a.

Djo a cho, li fon, li gen bèt…. Alèkile, menm zafè elèksyon malatchonn pa ka pale ankò. Lakou kasasyon ap mache bwete, paske omwen 3 jij nan lakou kasasyon an illegal, kivledi se dèyè do lalwa, nan ti twou fenèt yo pase pou yo rantre nan pi gwo tribunal peyi a.  K.E.P. a, kivledi Konsèy elèktoral prezidansyèl la malad grav, kouche sou kabann lopital, paske nonm Mateli lonmen prezidan toudenkou konsèy elèktoral prezidansyèl la, mouche Jozye Pyè-Lwi, gen  akizasyon tonbe sou do l kòmkwa l ap konplote kont madanm Mateli. Pawòl sa soti nan bouch komisè gouvènman pòtoprens lan mouche Jan Renèl Senatis ki lage kakachat la nan lari…… apre l fin jwenn revokasyon l. Enpi, se pa nenpòt ki moun ki revoke komisè gouvènman pòtoprens la. Se Minis Jistis la, ki fè revokasyon an.  Ki moun minis jistis Mateli a ye menm? Yo rele minis jistis la Jan Renèl Sanon. Se yon vye granmoun, ansyen jandam lame dayiti, yo bare toutan nan Zokiki, kivledi non sèlman li nan fè masisi, men tou li pran plezi nan dezabiye enpi rantre nan relasyon seksyèl ak ti moun 12 lane… Anplis, minis jistis Mateli a, chanpyon nan dil dwòg….   ALAKOZE  PAPA !!!!!!!!  Wou menm ki te vote pou w mete Mateli sou pouvwa, èske w konprann ki kalite tèt san kò w mete sou pouvwa? Èske w konprann ki gwosè tò w fè peyi dayiti? Èske w dakò pou w kite Mateli fè  5 lane sou pouvwa nan peyi dayiti, alòske w konnen byen Mateli se yon blan meriken……. Modòd tout mobilizasyon atravè tout repiblik dayiti, se: KISA MATELI  TE YE  POU N PA VOYE L  ALE  !!!!!!!     MADANM MATELI  AP VOLE  LAJAN PEYI A    PITIT  MATELI  AP  VOLE  LAJAN  PEYI  A     PANDAN  MALERE  PA KA MANJE   !!!!  YON GODE DIRI  AP  VANN  35  GOUD   PITIT MALERE  PA  KA  ALE  LEKÒL  KATON WOUJ   POU  MATELI….. VIKTWA  FINAL   SE POU PÈP

 
SOLIDARITE PATI MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN (M.R.A.) AK 5 NASYONALIS KIBEN KI NAN PRIZON NAN PEYI ETAZINI PDF Imprimer Email
Écrit par Radio Atlantik   
Dimanche, 30 Septembre 2012 02:09

29 septanm 2012

Denpi nan mwa janvye  1959, peyi Kiba rache lendepandans politik ak ekonomik li anba men peyi etazini, apre  yon kòkenn chenn revolisyon sosyalis ki te deklanche gras ak mouvman  26 jiyè a  ( M-26) ki te gen nan tèt li lidè maksimo a, Fidèl Castro Ruz ansanm ak Ernesto Che Guevara, ak Raoul Castro Ruz……

Peyi Etazini pat ezite itilize tout batanklan pou l devye ou byen sabote revolisyon sosyalis nan peyi Kiba. Peyi Etazini mete sou do peyi Kiba, denpi plis pase 50 lane, yon anbago sou tout pwodi esansyèl yo, atamenm sou medikaman pou sove ti moun piti… Etazini rive menm anpeche lòt peyi, tankou peyi dayiti  fè komès  ak peyi Kiba, ak yon lwa meriken ki rele lwa Èlms Burton… Peyi Etazini achte konsyans plizyè sitwayen raketè kiben k ap viv nan peyi Etazini, pou voye yo  al fè sabotaj ekonomik nan peyi Kiba..

Dirijan Peyi Kiba blije reyaji nan chèche tout mwayen pou yo pwoteje revolisyon sosyalis la kont sabotaj peyi etazini. Se nan sans sa, gouvènman peyi Kiba te voye nan peyi etazini 5 sitwayen nasyonalis kiben pou yo al mennen ankèt sou raketè kiben ki deside vann konsyans yo lè yo mete yo osèvis malfektè nan peyi etazini. Gouvènman peyi etazini pwofite arete 5 sitwayen kiben nasyonalis sayo pou l mete yo nan  prizon denpi nan dat 12 septanm 1998. Savledi  12 septanm 2012 la fè 14 lane denpi  sitwayen kiben inosan ak jemi dèyè bawo prizon nan peyi etazini.

Direksyon  Pati Mouvman Revolisyonè Ayisyen (M.R.A.)  pwofite okazyon sa pou l renouvle senpati l ak solidarite l pou gouvènman ak pèp kiben an nan sikonstans difisil sa. Militan Pati Mouvman Revolisyonè Ayisyen (M.R.A.) eksprime endiyasyon yo fas ak zak demeplè sa ki kontrè ak respè Dwa Moun. Nou reklame pou peyi Etazini leve anbago li mete sou do peyi Kiba, enpi nou reklame liberasyon imedya,  san kondisyon pou 5 prizonye nasyonalis kiben yo. Nou gen garanti 5 nasyonalis kiben sayo ki rele: Gerardo Hernandez, Antonio Guerrero, Ramon Labañino, Fernando Gonzalez, ak Rene Gonzalez ap jwenn liberasyon yo…. paske viktwa final, se pou pèp òganize, se pou pèp mobilize, se pou pèp solidè ki pa janm sispann batay….

Nan okazyon 14 lane selebrasyon anprizyònman 5 nasyonalis kiben yo, anbasadè peyi Kiba nan peyi dayiti te fè yon vizit nan Sitadèl Wa Anri Kristòf la, yon lye ki se senbòl rezistans pèp ayisyen an. Repòtè Tele Radyo Atlantik te prezan. Nou envite w koute entèvansyon Anbasadè peyi Kiba nan peyi dayiti…

 
<< Début < Préc 1 2 3 4 5 6 7 8 Suivant > Fin >>